Accessibility links

Breaking News

Nouvo PM Ayisyen Garry Conille Rive Ayiti


Foto Achiv: Ansyen Premye Minis Ayisyen Garry Conille pale ak jounalis yo pandan yon konferans pou lapres nan Potoprens, 6 Oktob, 2011.
Foto Achiv: Ansyen Premye Minis Ayisyen Garry Conille pale ak jounalis yo pandan yon konferans pou lapres nan Potoprens, 6 Oktob, 2011.

Garry Conille, yon espesyalis sou devlopman ki tap travay pou Nasyonzuni e ki pral gen kom misyon pou retabli lòd an Ayiti, debake nan peyi a Samdi pou tanmen travay li kom premye minis.

Konsèy prezidansyèl tranzisyon an ki pral pare chimen an pou eleksyon ka dewoule an Ayiti, te nomen Conille semèn pase a.

Misye ap ranplase Michel Patrick Boisvert, ki te akeyi l lèl te rive Pòtoprens Samdi, dapre yon deklrasyon gouvènman an pibliye.

Conille tap travay anvan sa kom direktè rejyonal pou UNICEF (Fon Nasyonzuni pou Timoun). Li te responsab pou rejyon Amerik Latin ak Karayib la. Li tap travay nan djòb sa a depi mwad Janvye 2023. Anvan sa, Conille te premye minis Ayiti ant Oktòb 2011 ak Me 2012 anba gouvènman Michel Martelly a.

Misye rive an Ayiti nan moman zak vyolans gang yo kontinye sakaje kapital la. Pandansetan, preparasyon ap fèt pou yon fòs polis miltinasyonal ke LONU apiye e ke Kenya pral dirije pou ede polis nasyonal la (PNH) sekirize peyi a.

XS
SM
MD
LG