Accessibility links

Breaking News

Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon Ayiti a Chwazi Garry Conille Kòm Premye Minis


Haiti New Leadership
Haiti New Leadership

SAN JUAN, Pòtoriko (AP) — KPT a nonmen Garry Conille ki se yon espesyalis nan devlopman ki travay pou Nasyonzini pou vin premye minis Ayiti. Desizyon an pran prèske yon mwa apre yon gwoup konseye nan konsèy la te chwazi Fritz Belizaire pou pozisyon an.

Nonmen yon premye minis se yon mouvman ke yo te espere depi lontan. Anons pou nomen Conille la te fèt nan moman gang kontinye ap teworize kapital la, Pòtoprens, kote gwo kout zam ap chante nan plizyè katye. Gang yo boule kay, e yo te itilize machin lou pou demoli plizyè komisarya ak prizon.

Anplis de chwazi yon nouvo premye minis, konsèy la responsab tou pou chwazi yon nouvo kabinè epi òganize eleksyon jeneral nan fen ane pwochèn.

XS
SM
MD
LG