Accessibility links

Breaking News

Nouvo Premye Minis Ayiti Pwomèt pou l Chache Inite


Foto Achiv: Ansyen Premye Minis Ayisyen Garry Conille pale ak jounalis yo pandan yon konferans pou lapres nan Potoprens, 6 Oktob, 2011.
Foto Achiv: Ansyen Premye Minis Ayisyen Garry Conille pale ak jounalis yo pandan yon konferans pou lapres nan Potoprens, 6 Oktob, 2011.

Nouvo premye minis Ayisyen an sèmante pou l chache inite nan premye deklarasyon li fè depi Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an te chwazi l pou dirije peyi a.

Garry Conille remèsye gwoup sosyete sivil yo Mèkredi, ansanm ak pati politik yo epi manm dyaspora Ayisyèn nan, ki te pwopoze l kom kandida. Li di li "onore anpil" dèske yo chwazi l.

Conille ekri sou rezo sosyal yo ke "Ansanm nou pral travay pou yon avni miyo pou tout pitit nasyon an."

Conille bay demisyon li Madi kom direktè rejyonal UNICEF pou Amerik Latin ak Karayib la.

Anvan sa, misye te okipe pos premye minis Ayiti ant mwad Oktob 2011 ak Me 2012.

XS
SM
MD
LG