Accessibility links

Breaking News

Prezidan Kenya di VOA Konsèy Prezidansyèl Ayiti a Ratifye Akò pou Voye Fòs Miltinasyonal la pou Ede Sekirize Peyi a


Prezidan Kenya William Ruto pandan yon entevyou ak VOA Afrik nan Washington, 24 Me, 2024.
Prezidan Kenya William Ruto pandan yon entevyou ak VOA Afrik nan Washington, 24 Me, 2024.

Nan yon entèvyou ak VOA, Prezidan Kenya William Ruto demanti deplwaman polisye Kenya yo an Ayiti vyole lwa peyi a. Misye di li fè tout sa tribinal la mande l fè.

"Kabinè a apwouve deplwaman ofisye sekirite yo an Ayiti. Tou le 2 chanm palman an ratifye l. Nou reponn tout demann entènasyonal yo e vreman vre nou fè tout sa tribinal la mande pou n fè. Tribinal la mande pou n siyen yon akò ak Ayiti pou fasilite presizeman deplwaman sa a. Premye Minis Ayisyen an te vwayaje Kenya e nou te temwaye ansanm siyati akò a."

Ruto di VOA li te mande Konsey Prezidansyèl Tranzisyon Ayiti a bay konstantman li pou deplwaman an tou.

"Mwen mande nouvo konsèy prezidansyel tranzisyon Ayiti a pou l ratifye epi konfime ke yo rekonèt akò ki te siyen ant Kenya ak Ayiti ke ansyen premye minis (Ariel Henry) te temwaye e mwen genyen l an ekri ke yo konfime ke gouvènman aktyèl Ayiti a rekonèt akò sa a e se sou baz sa a ke nou pral deplwaye twoup nou yo - epitou an akò ak règleman Nasyonzuni yo ak demann LONU yo. Donk nou trè klè - e mwenmen pesonèlman mwen klè sou sa - ke Kenya satisfè tout demann legal, konstitisyonel ak entènasyonal pou fasilite deplwaman fòs sa a."

Prezidan Ruto te pale ak kolèg nou yo nan VOA Swahili Vandredi swa.

Pi bone Vandredi, Ruto te rankontre Sekretè Defans Etazini an, Lloyd Austin nan Pantagon nan.

Austin te repete menm lwanj Prezidan Joe Biden te fe pou remesye Kenya pou volonte li pou dirije fòs miltinasyonal la nan moman anpil lòt peyi patka fè sa.

" Lidèship Kenya nan Misyon Sipò Sekirite Miltinasyonal pou Ayiti a montre wòl enpòtan Kenya jwe nan sekirite global la. Nou apresye tou, kontribisyon Kenya pote nan operasyon lapè ak stabilite Nasyonzini yo. E byentantandu nou toujou rekonesan devan Kenya pou sipò jenere li pou akeyi fòs Ameriken yo nan Manda Bay."

Pandan rankont la Ruto te di Austin peyi li kontan travay ak Etazini pou ede Ayiti.

"Nou konsidere sityasyon an nan peyi Dayiti bezwen patisipasyon ak kontribisyon moun tout peyi ki kwè nan dwa yon pèp genyen pou dirije tèt li e ki kwè nan eta de dwa, ouvèti ak libète. Li lè pou tout moun ede Ayiti, e mwen pwomèt ou nou pral travay ak ekip ou pou wè kijan nou ka fè sa ansanm. "

Pandan rankont pa li ak Ruto semèn pase, Prezidan Biden te pwomèt sipò Etazini pou Kenya epi eksprime gratitid li.

XS
SM
MD
LG