Accessibility links

Breaking News

William Ruto "gen konfyans" nan deplwayman Fòs miltinasyonal la ann Ayiti


Foto Achiv: Prezidan Kenya William Ruto nan Nairobi, kapital Kenya.
Foto Achiv: Prezidan Kenya William Ruto nan Nairobi, kapital Kenya.

Prezidan Kenya a, William Ruto, eksprime konfyans li vandredi nan deplwaman polisye ki ap soti Kenya nan kad yon misyon Nasyonzini apiye pou al konbat gang yo ann Ayiti.

Kenya, yon peyi nan Ès Afrik la, te reponn demann Nasyon Zini pou pran tèt yon misyon sekirite, e konsa li dakò pou voye 1,000 polisye ann Ayiti. Li espere ke operasyon an ap kòmanse nan semèn kap vini yo men dat pou sa fèt la pako klè.

Ruto te fè yon vizit deta Ozetazini semèn pase a, kote li te di chèn radio-televizyon BBC ke li espere ke fòs Kenya yo ap rive nan apeprè twa semèn.

Pou kounya sou teren an Kenya gen sèlman yon ekip ki ap chache konnen milye a, ki ofisyèlman kòmanse travay.

"Mwen resevwa yon rapò konplè ke ekip la voye ban mwen sou yon misyon evalyasyon ki t al fè preparasyon pou deplwayman polisye nou yo," se sa Ruto ekri sou rezo sosyal X.

"Mwen gen konfyans nan ekzekisyon manda ke rezolisyon 2699 Konsèy Sekirite Nasyonzini an bay pou misyon an.

Etazini bò kote pa li ap ede nan kesyon deplasman ak nan bay materyèl pou sipòte fòs miltinasyonal la.

Gen anpil lòt peyi ki ta dwe kontribye tou nan fòs sa a tankou Benen, Bahamas, Bangladèch, Barbad, Tchad elatriye.

Nan peyi Kenya, operasyon an anba gwo kritik e li fè fas ak aksyon legal nan lajistis.

Yon pati opozisyon politik nan peyi a te depoze yon nouvo kontestasyon nan mitan mwa Me a pou bloke li, kote li akize gouvènman an kòmkwa li "meprize lòd tribunal la" ki deklare ke manman-lwa peyi a pa aksepte yon misyon konsa.

XS
SM
MD
LG