Accessibility links

Breaking News

Dè Santèn Ayisyen Rann Omaj ak Misyonè Gang Touye nan Pòtoprens


Eunide Majeur Montis, madanm defen direkte misyon kretyen Judes Montis kriye pandan fineray li nan Potoprens, 28 Me, 2024.
Eunide Majeur Montis, madanm defen direkte misyon kretyen Judes Montis kriye pandan fineray li nan Potoprens, 28 Me, 2024.

Plizyè santèn moun te prezan nan yon legliz nan Pòtoprens Madi pou pote dèy pou Jude Montis, direktè misyon kretyen gang tire e touye ansanm ak yon koup Ameriken ki te travay ak li.

Dlo tap koule nan je foul la nan moman yo tap asiste yon mès bonè nan maten. Madan Montis tap kriye tou.

Mès la te rann omaj tou ak lavi Davy ak Natalie Lloyd, yon koup marye nan 20èn yo ki te ak Montis lè nèg ak zam te atake yo Jedi swa pandan yo tap kite yon aktivite pou jèn jan nan yon legliz nan zon nan.

Montis te gen 47 an. Li kite dèyè madanm ni, 2 pitit ki gen laj 2 ak 6 zan epi yon frè ki te prezan nuit kote li te mouri asasinen an.

Moun pote sekey direkte misyon Missions in Haiti Inc. la, Judes Montis ke gang touye ansanm ak 2 misyone Ameriken, nan Potoprens, 28 Me, 2024.
Moun pote sekey direkte misyon Missions in Haiti Inc. la, Judes Montis ke gang touye ansanm ak 2 misyone Ameriken, nan Potoprens, 28 Me, 2024.

Sèvis la dewoule kèk jou sèlman apre 3 moun yo te mouri nan yon zon gang kontwole nan rejyon no Pòtoprens, kote Montis tap travay kom direktè lokal Missions in Haiti, yon òganizasyon relije ki gen baz li nan Oklahoma. Se David ak Alicia Lloyd, paran Davy Lloyd ki tabli òganizasyon sa a.

Missions in Haiti di anbasad Ameriken ap travay pou jwenn dokiman nesesè pou transpote kadav Lloyd yo pa avyon Ozetazini. Li ajoute ke li voye anplwaye li yo al pran refij yon kote ki pi su.

Polis Nasyonal Ayisyèn nan, PNH, kondane asasina yo nan yon deklarasyon ki ra anpil. PNH prezante kondoleyans li bay fanmi viktim yo epi sèmante pou arete responsab yo.

Sepandan li ra pou gang Ayisyen yo ki patisipe nan plizyè asasina wo pwofil janm jwenn arestasyon yo. Lapolis pa gen ase anplwaye ni resous.

Gang kontwole omwens 80% kapital Ayisyèn nan e zak vyolans yap lanse kontinye san rete pandan Ayiti ap tann deplwaman fòs polis Kenya pral dirije a. Misyon sila a ranvwaye ankò.

XS
SM
MD
LG