Accessibility links

Breaking News

Kisa Nou Konnen sou Jèn Misyonè Gang Touye an Ayiti


Foto sa a ke Brad Searcy pataje ak lapres montre Davy ak Natalie Lloyd.
Foto sa a ke Brad Searcy pataje ak lapres montre Davy ak Natalie Lloyd.

Yon manm fanmi koup misyonè gang touye Jedi swa an Ayiti di koup la ak yon Ayisyen ki te dirije yon oganizasyon relije mouri pa bal gang nan Potoprens.

Sè Davy Lloyd di Associated Press Vandredi ke gang kidnape epi touye frè li, madanm ni Natalie Lloyd ak direktè lokal gwoup Missions in Haiti Inc., Jude Montis.

Chèf sendika lapolis Lionel Lazarre deklare atak la dewoule Jedi swa nan kapital Ayisyèn nan.

Asasina yo dewoule nan moman Potoprens ap viv yon sityasyon kawotik kote gang kontwole 80% vil la epi lanse atak san rete.

Otorite yo ap tann yon fos polis peyi Kenya rive Ayiti pou ede yo jere zak vyolans gang yo.

Misyone Ameriken Natalie Lloyd ak Davy Lloyd, ki mouri anba bal gang ame an Ayiti, Jedi swa, 23 Me, 2024.
Misyone Ameriken Natalie Lloyd ak Davy Lloyd, ki mouri anba bal gang ame an Ayiti, Jedi swa, 23 Me, 2024.

Travay an Ayiti

Sit entènèt Missions in Haiti di objektif yo se "wè levanjil Jezikri fè yon diferans nan lavi jenès Ayisyèn nan."

Paran Davy Lloyd yo - David ak Alicia Lloyd, se moun Oklahoma e se yomenm ki fonde oganizasyon an nan lane 2000. Yo te vle konsantre sou timoun peyi d AYiti. David ak Alicia Lloyd travay kom misyonè an Ayiti.

Hannah Cornett, sè Davy di AP yo te grandi an Ayiti. Davy Lloyd te al Ozetazini pou etidye nan kolèj La Bib epi li te marye ak Natalie nan mwad Jyen 2022. Apre maryaj la, koup le te al viv an Ayiti pou fè travay imanitè.

Cornett di Montis, yon Ayisyen, te travay pou Missions in Haiti depi 20 an.

Pami jefo oganizasyon an mennen an Ayiti nou jwenn Mezon Konpasyon ki dispoze lojman pou 36 timoun - 18 tigason ak 18 tifi. Dapre sit entènèt gwoup la "tout destine pou yo viv nan Kay Konpasyon jiskaske yo finn lekol epi pare pou viv poukont yo."

Kay pou Tigason Good Hope la limenm dispoze lojman pou 22 tigason. Oganizasyon an konstwi yon legliz tou, epi yon boulanjri ak yon lekol pou 240 elèv.

Foto Achiv: Gang Ame mache nan lari tou pre pale prezidansyel la nan Potoprens, 23 Avril, 2024.
Foto Achiv: Gang Ame mache nan lari tou pre pale prezidansyel la nan Potoprens, 23 Avril, 2024.

Atak la

Dapre sa Missions in Haiti di sou paj Facebook li, Davy Lloyd, 23 zan ak Natalie Lloyd, 21 an ak kèk timoun tap kite legliz la lè gang ki te nan 3 kamyon te atake yo.

Davy Lloyd te rele fanmi li pi ta pou di yo gang te ba l kou nan tèt ak yon fizi, fose l monte anwo, volè tout sa yo genyen epi mete yo anba kod. Se sa Cornett di AP.

Pandan moun tap ede demare kod Davy Lloyd la yon lot gwoup nèg ak zam te vinn parèt.

Cornett di "pèsonn pa konnen sa yo tap fè, yo pat konnen kisak te pase men youn te pran bal epi mouri epi apre sa gang lan te pase a l atak."

Koup la ak Montis te kouri chape poul yo pou al lage ko yo nan yon kay ki konekte ak misyon an.

"Yo te eseye abrite yo la, men gang te tire sou kay la,"Corenett esplie.

Ben Baker, papa Natalie Lloyd ki se yon palmantè Repibliken nan eta Missouri, deklare sou paj Facebook li Vandredi ke yo transpote kadav Davy ak Natalie Lloyd an sekirite nan Anbasad Amerikèn nan.

Fanmi an Dèy

Cornett di Montis kite dèyè 2 timoun ki gen laj 2 zan ak 6 zan.

AP pat rive jwenn fanmi Montis pou komantè Vandredi. Li pa klè si misye te konn sèvi ak rezo sosyal ni si pwofil li te piblik.

Missions in Haiti pat reponn imedyatman demann pou komantè ke AP fè. VOA mande komantè tou san nou pat jwenn repons.

Baker ekri sou paj Facebook li ke kè li kase nan miyèt mosso.

Misye mande moun pou yo lapriyè pou fanmi li ak fanmi Lloyd la.

XS
SM
MD
LG