Accessibility links

Breaking News

3 Misyonè Kretyen ki Soti Oklahoma Mouri an Ayiti


Misyone Ameriken Natalie Lloyd ak Davy Lloyd, ki mouri anba bal gang ame an Ayiti, Jedi swa, 23 Me, 2024.
Misyone Ameriken Natalie Lloyd ak Davy Lloyd, ki mouri anba bal gang ame an Ayiti, Jedi swa, 23 Me, 2024.

3 misyonè kretyen Ameriken ki tap travay an Ayiti mouri pa bal nan yon anbiskad gang yo. Se misyon moun sa yo, ki gen baz li nan Oklahoma ki anonse nouvèl la Vandredi.

Misyonè yo tap chache abri nan yon kay lè manm gang yo te pran tire sou rezidans la vè 9hè di swa, Jedi. Gwoup misyonè yo mete nouvèl la sou kont Facebook li.

Yon pot pawol Depatman d Eta di VOA: "Nou o kouran lanmò sitwayen Ameriken yo an Ayiti. Nou ofri sensè kondoleyans nou bay fanmi yo. Nou pare pou bay tout asistans konsilè apwopriye. Pa respè pou fanmi an nan moman difisil sa a nou pa gen okenn lòt kòmantè."

Plizyè mwa zak vyolans gang yo an Ayiti fose gouvènman an bat yon retrèt. Sekretè d Eta Antony Blinken lanse avètisman Ayiti prèt pou l tounen yon eta echwe.

Reprezantan palman eta Missouri Ben Baker fe konnen pitit fi li, Natalie Lloyd ak bofis li, Davy Lloyd mouri pandan yo tap travay kom misyone. Davy Lloyd sete pitit gason fondate oganizasyon an, David ak Alicia Lloyd ki te kreye misyon an nan ane 2000.

Baker deklare sou kont Facebook li: "Ke mwen kase nan mil moso. Mwen poko janm resanti kalite doule sa a. Yo al paradi ansanm."

Paj Facebook Natalie Lloyd la di koup la te marye 18 Jyen 2022 e yo te komanse travay ak oganizasyon misyone a nan mwad Out 2022. Se souvan li te konn pibliye foto timoun Ayisyen sou paj Facebook li.

Misyon "Missions for Haiti" gen yon lekol nan Lizon pou plis pase 240 elev ke li te louvri nan mwad Septanm 2008, dapre enfomasyon ki sou sit web yo.

Misyon an Ayiti di koup la tap kite yon legliz le yo pran nan anbiskad gang ame ki te nan 3 kamyon. Yo te pran Davy Lloyd, mennen misye nan yon kay, mete l anba kod, bat li epi pran kamyon ak kek lot zafe gwoup la epi kite sen nan.

Oganizasyon an di: "yon lot gang te rive apre pou fe konsta epi we si yo te ka ede - antouka se sa yo di. Pesonn pat konprann sa yo tap fe, sak te dewoule men youn te pran bal epi mouri epi apre sa lanse yon gwo atak."

Koup la ak yon lòd endividi yo idantifye kòm Jude te rele lide òganizasyon an sou yon telefòn satelit pou di yo lavi yo te an danje.

Li poko kle ki gang ki touye Ameriken yo.

Sepandan, chef gang Chen Mechan an kontwole zon kote yo mouri a.

Vre non chef la se Claudy Celestin. Li te jwenn revokasyon li kom anplwaye Ministe Enterye.

Lide yon lot gang ke moun konnen kom Jeneral Jeff kontwole teritwa ki tou pre katye kote koup la mouri. Tou le 2 gang sa yo se manm kowalisyon gang Viv Ansanm Jimmy Cherizier a.

Pòt pawòl sekrete jeneral Nasyonzuni an, Stephane Dujarric fe komante sou lanmò misyone yo pandan rankont li ak jounalis yo Vandredi nan Nouyòk.

"Nou voye kondoleyans bay fanmi yo ak koleg yo. Se yon lòt egzanp vyolans ki pa epaye okenn moun an Ayiti."

VOA Kreyol mande gwoup misyone komante sou ensidan sa a. Nou poko jwenn repons.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan ajans nouvel Reuters ak Associated Press. Korespondan VOA nan Nasyonzuni, Margaret Besheer, kontribye a repòtaj sa a. Sandra Lemaire kontribye a repotaj sa a depi Washington.

XS
SM
MD
LG