Accessibility links

Breaking News

Papa Misyonè Gang Touye an Ayiti di Trump Rele l pou Prezante Kondoleyans li


Foto Achiv: Ansyen Prezidan Etazini Donald Trump nan Cedar Rapids, eta Iowa, 7 Oktob, 2023.
Foto Achiv: Ansyen Prezidan Etazini Donald Trump nan Cedar Rapids, eta Iowa, 7 Oktob, 2023.

Nan yon mesaj papa misyonè Natalie Lloyd, Ben Baker pibliye sou rezo X (ansyen Twitter), li fè konnen li pale nan telefòn ak ansyen Prezidan Donald Trump, ki te rele l pou prezante kondoleyans li bay fanmi an.

Baker, ki se yon palmantè Repibliken nan palman eta Missouri te bay detay sou konvèsasyon li ak Trump nan yon mesaj pi long li pibliye sou Facebook.

Trump pibliye yon mesaj sou koup ki mouri anba bal gang an Ayiti tou, sou rezo sosyal li a, Truth Social.

Misye ekri: "Bondye beni Davy ak Natalie. Ayiti finn pèdi kontwòl nèt. Jwenn asasen yo KOUNYELA a!"

Nap raple ke Natalie Lloyd ak mari li, Davy te travay pou Missions in Haiti Inc. yon misyon kretyen ke paran Davy te fonde an Ayiti.

Koup la mouri anba bal gang Jedi swa, ansanm ak yon Ayisyen ki rele Jude Montis ki te direktè lokal misyon Kretyen an.

Pandan wikenn nan, senatè Repibliken Josh Hawley, ki reprezante eta Missouri nan Sena Etazini, pibliye yon mesaj sou kont X li kote li kritike Anbasad Etazini nan Pòtoprens, poutèt li pat fè anyen pou ede misyonè yo nan moman gang tap atake yo. Misye di anbasad la te di l li twò danjre pou voye moun nan zòn kote misyonè yo ye a.

XS
SM
MD
LG