Accessibility links

Breaking News

Senatè Eta Missouri Josh Hawley Kritike Anbasad Amerikèn an Ayiti Akoz Mank Asistans li Pou Misyonè Gang Touye yo


Josh Hawley headshot, as US Senator of Missouri, graphic element on gray
Josh Hawley headshot, as US Senator of Missouri, graphic element on gray

Senatè Repibliken Josh Hawley, ki reprezante eta Missouri nan Sena Etazini kritike Anbasad Amerikèn nan Potoprens sou kont ofisyèl li sou rezo X (ansyen Twitter).

Nan yon mesaj senatè a pibliye 24 Me, li fè konnen: "biwo men mande Anbasad Amerikèn voye asistans pou Natalie ak Davy (Lloyd) nan moman yo te asyeje, Anbasad la reponn nou ke li te 'two danjre' pou voye lapolis. Nou finn tounen yon peyi ki fèb. Nou paka menm pwoteje pwop sitwayen nou kont zak vyolans lach."

Anbasad Ameriken pa fè okenn komantè sou lanmo misyonè yo sou rezo X. Sepandan, potpawol Depatman d Eta a, nan yon mesaj li voye bay VOA Kreyol pa email Vandredi deklare:

"Nou o kouran lanmò sitwayen Ameriken yo an Ayiti. Nou ofri sensè kondoleyans nou bay fanmi yo. Nou pare pou bay tout asistans konsilè apwopriye. Pa respè pou fanmi an nan moman difisil sa a nou pa gen okenn lòt kòmantè."

Nap raple ke Natalie ak Davy Lloyd sete misyonè kretyen Ameriken ki tap travay an Ayiti. Yo mouri pa bal nan yon anbiskad gang yo Jedi 23 Me a. Se misyon moun sa yo, ki gen baz li nan Oklahoma ki te anonse nouvèl la Vandredi.

Sè Davy Lloyd di Associated Press Vandredi ke gang yo te kidnape epi touye frè li, madanm ni Natalie Lloyd ak direktè lokal gwoup Missions in Haiti Inc., Jude Montis.

Chèf sendika lapolis la Lionel Lazarre di atak la dewoule Jedi swa nan kapital Ayisyèn nan.

Asasina yo dewoule nan moman Potoprens ap viv yon sityasyon kawotik kote gang kontwole 80% vil la epi lanse atak san rete.

Papa Natalie Lloyd se yon palmantè Repibliken nan palman eta Missouri. Li te mete yon mesaj sou paj Facebook li kote l di kè li kraze an miyèt mosso.

Davy Lloyd limenm sete moun eta Oklahoma. Misyon kote limenm ak madanm li tap travay an Ayiti Missions in Haiti Inc. se yon misyon ke paran li te fonde.

Kek enfomasyon pou repotaj sa a soti nan ajans nouvel Associated Press

XS
SM
MD
LG