Accessibility links

Breaking News

Kadav Misyonè Ameriken Gang Touye an Ayiti Pral Rive Missouri Semèn Sa a


Misyone Ameriken Natalie Lloyd ak Davy Lloyd, ki mouri anba bal gang ame an Ayiti, Jedi swa, 23 Me, 2024.
Misyone Ameriken Natalie Lloyd ak Davy Lloyd, ki mouri anba bal gang ame an Ayiti, Jedi swa, 23 Me, 2024.

Yon pòt pawòl fanmi yon jèn koup misyonè Ameriken fè konnen kadav yo ta sipoze rive nan eta Missouri semèn sa a.

Koup la ak yon Ayisyen ki tap travay pou misyon yo an Ayiti mouri anba bal gang kriminèl nan Pòtoprens.

Vandredi, sè Davy Lloyd di Associated Press ke frè li, madanm ni Natalie Lloyd ak Direktè lokal Missions in Haiti Inc. Jude Montis mouri anba bal gang pandan yo tap kite legliz.

Atak la dewoule Jedi swa nan Pòtoprens nan moman gang yo pa sispann lanse atak pou pran kontwol plis teritwa nan kapital Ayisyèn nan.

Papa Natalie Lloyd, se palmantè nan palman eta Missouri, Ben Baker.

Yon moun ki rele Cassidy Anderson pibliye yon mesaj sou paj Facebook misye nan non fanmi Lloyd ak Baker yo Dimanch ki di yon jwenn transpo pou kadav yo ka rive Jedi kap vini an nan Missouri. Sepandan Anderson di "sekirite pral trè difisil."

XS
SM
MD
LG