Accessibility links

Breaking News

Kanada ap Antrene Twoup Peyi Karayib ki pral Patisipe nan Misyon Sekirite Ayiti a


Yon solda Kanadyen veye anbasad Kanada nan Potoprens, 29 Mas 2024.
Yon solda Kanadyen veye anbasad Kanada nan Potoprens, 29 Mas 2024.

Kanada voye apepre 70 sòlda nan La Jamayik pou fòme twoup peyi Karayibeyen ki pral patisipe nan yon misyon Nasyonzuni otorize pou Ayiti, dapre sa Ministè Defans Kanadyen an fè konnen Samdi.

Kenya te anonse ane pase a li pral dirije fòs la, ki gen kom bi pou ede polis nasyonal la konbat gang puisan yo an Ayiti, kote zak vyolans yo ogmante epi deklanche yon dezas imanitè. Inisyativ pou voye fòs la bloke akoz kèk pwosè ki devan tribinal Kenya e ki efektivman mete yon ola nan misyon an.

Twoup Kanadyen yo soti pou pi fò nan pwovens Quebec, kote yo pale franse. Yo pral fòme solda karayibeyen yo sou operasyon mentyen lapè, ak premye swen pandan konba.

Twoup Kanadyen yo sipoze pase yon mwa nan La Jamayik e yo pral fòme apepre 330 twoup ki soti La Jamayik, Beliz ak Bahamas.

Kanada te anonse mwa pase a li pral kontribye 80,5 milyon dola Kanadyen pou apiye deplwaman misyon Kenya pral dirije a.

XS
SM
MD
LG