Accessibility links

Breaking News

Kenya Kanpe Deplwaman Polisye li an Ayiti, Men Lap Dirije Fòs Miltinasyonal la Kanmenm


Lapolis bat yon manifestan ki te kache nan yon kay apre yo lanse gaz lakrimojen pou fose li soti nan Kibera, yon katye defavorize kapital la, Nairobi, 20 Mas, 2023.
Lapolis bat yon manifestan ki te kache nan yon kay apre yo lanse gaz lakrimojen pou fose li soti nan Kibera, yon katye defavorize kapital la, Nairobi, 20 Mas, 2023.

Tandiske gen Kenyan ki apiye desizyon Prezidan William Ruto pran pou l voye yon misyon polisye an Ayiti, gen anpil lot ki toujou ap poze kestyon pou konnen poukisa peyi yo vle dirije fòs miltinasyonal sa a.

Sitwayen nan Nairobi trè pasyone pa rapò ak posibilite pou Kenya ta voye polisye an Ayiti.

Stephen Ng'a Ng'a - Rezidan Nairobi: "Pouki nap voye lapolis olye militè pou yon bagay konsa. Se kestyon pa m."

Damaicline Masaki - Rezidan Nairobi: "Sa pa fè anyen paske nap pèdi moun nou renmen. Kenya pa gen pouvwa tankou peyi tankou Etazini."

Joseph Mule - Rezidan Nairobi: " M kwè se yon ide nob paske nou tout se kretyen vivan. men moun ap plenyen sou pwosesis la."

Henry Mutreru - Rezidan Nairobi : "Nou dwe ankouraje gouvènman an omwens respekte desizyon tribinal la."

Prezidan William Ruto, ki sityen yon ako bilateral moun tap tann depi lontan ak Premye Minis Ayisyen Ariel Henry pou pave chimen an pou deplwaman 1,000 polisye Kenyan yo ensiste li pran bon desizyon an. Fòs la, ke LONU apiye ta ede Ayiti retabli sekirite.

" Se yon misyon pou l imanite. Se yon misyon an solidarite ak frè ak sè nou an Ayiti. "

Sepandan apre siyati akò a, te gen gwo afwontman ant polis nasyonal Ayiti (PNH) ak gang ki te anpeche Henry tounen an Ayiti. Yo te evantyèlman pouse do premye minis la pou bay demisyon ni osito ke konsèy tranzisyon prezidansyèl la va an plas.

Avoka Ekuru Aukot se manm gwoup ki depoze yon petisyon devan Kou Siperyè Kenya pou di deplwaman polisye yo pa konstitisyonèl.

" Premyèman se yon fo akò paske li pa gen okenn lejitimite legal ni reprezantasyon. Pou Ariel Henry siyen yon kontra fòk li gen kapasite pou l siyen yon kontra. "

Gen lòt pwoblèm tou pa rapò ak si misyon sa a pral kapab avanse akoz tout demann legal yo poko finn satisfè.

"Lè Jovenel Moise te mouri an 2021, Henry te sipoze dirije peyi a pandan 120 jou. Pou l pran wòl premye minis la dapre konstitisyon Ayiti fòk yo rativye l, verifye l epi resevwa apwobasyon palman an. Sa pa janm fèt. Donk kestyon an se kiyès ki siyen akò sa a an reyalite ak Repiblik Kenya."

George Musamali se yon konsiltan sou sekirite ki gen baz li Nairobi. Li di fòk Kenya repanse kestyon Ayiti a.

"Sa moun pa konprann se rezon pou tibilans sa a. Sonje nou te komanse pale de pwoblem Ayiti an 1805 apre deklarasyon endepandans yo. Jiskaprezan Ayiti poko janm gen lape. Epi solisyon nap pwopoze eske yo bay rezilta?

Gen plizye entevansyon etranje ke Etazini ak LONU fe ki pa bay bon rezilta. Li le pou eseye on bagay nouvo, misye di.

"An jeneral sa yap eseye fè se negosye ak moun yo rele gang ke entèvansyon Ameriken 1815 la te eseye san rezilta. Yo eseye ankò an 1994 sa pat mache. Nou eseye ankò anba LONU an 2004 -sa pat mache non plis."

Nan moman kote zak vyolans gang yo ap kreye yon sityasyon kawotik an Ayiti, Musamali di li difisil pou wè kijan yon entèvansyon militè ou polisyè pral bay rezilta.

XS
SM
MD
LG