Teritwa Ameriken tankou Samoa, Guam, Zil Vyèj ak Potoriko paka vote nan eleksyon prezidansyèl Etazini an nan mwad Novanm nan.
Tribinal koumanse chwazi manm jiri jodi a nan New York pou pwosè ansyen Prezidan Etazini Donald Trump, ki anba akizasyon kòmkwa li te sèvi ak fo dosye biznis pou kache lajan ke li te peye pou fèmen bouch moun sou yon afè andeyò maryaj li.
Elekte nwa yo nan eta Wisconsin ede Donald Trump ak Joe Biden ranpòte eleksyon Prezidansyel la an 2016 ak 2020. Yo va jwe yon wòl kle ankò ane sa a.
Imigrasyon ilegal se youn pami kestyon elektè Ameriken yo nan eta Wisconsin konsidere tankou pi enpotan pou yo.
Yon manm kabinè lagè Izrayèl la Benny Gantz lanse apèl ayè mèkredi a pou mande eleksyon nasyonal nan nwa Septanm, pandan gouvènman Premye-Minis Benjamin Netanyahu ap fè fas ak presyon nan ki soti nan peyi li ak nan lòt peyi sou lagè Gaza a.
Barack Obama, Bill Clinton ak kèk gwo non nan mond lwazi a te mete ansanm, jedi swa, pou yo bay Prezidan Joe Biden yon gwo akèy nan New York, kote prezidan-an ranmase yon rekò plis pase 26 milyon dola pou kanpay re-eleksyon li.
Premye Minis Endyen, Narendra Modi, nan yon mesaj li te ekri sou X felisite Vladimir Putin pou re-eleksyon li, kote Modi di li pare pou l ranfòse relasyon e kontinye devlope bon relasyon "espesyal" avek Larisi.
Liy dwat pou eleksyon jeneral 2024 yo, yon posib fasafas ansyen prezidan Donald Trump, ak Aktyèl Prezidan Joe Biden.
Load more