Accessibility links

Breaking News

Pwosè Kriminèl Trump nan New York


USA-TRUMP/NEW YORK
USA-TRUMP/NEW YORK

Tribinal koumanse chwazi manm jiri jodi a nan New York pou pwosè ansyen Prezidan Etazini Donald Trump, ki anba akizasyon kòmkwa li te sèvi ak fo dosye biznis pou kache lajan ke li te peye pou fèmen bouch moun sou yon afè andeyò maryaj li.

Trump se premye lidè Etazini ki janm fè fas ak akizasyon kriminèl ak menas pou li pran prizon si yo jwenn li koupab.

Posib kandida Pati Repibliken an pou eleksyon mwa Novanm nan pwal chita bò tab akize a pou swiv dewoulman pwosè a, yon pwosè ki ka pran 4 jou pa semenn pandan yon mwa edmi. Li ka petèt pale kòm temwen pou defann tèt li, selon jan li-menm ak avoka li yo wè prèv ke avoka akizasyon yo prezante.

Trump, ki te nan tèt peyi a depi koumansman 2017 jiska Janvye 2021 atake plizyè fwa pati akizasyon an e pa te menaje Jij nan Kou Siprèm New York Juan Merchan. Li di sou platfòm Verite Sosyal li:

“Bagay konsa pa te janm fèt anvan nan peyi a. Lendi, yo pwal fòse m chita ak yon baboukèt nan bouch, devan yon jij ke anpil moun pa fè konfyans e ki kòwonpi, ki rayi m san limit.”

XS
SM
MD
LG