Accessibility links

Breaking News

Izrayèl: Benny Gantz Lanse Apèl Pou Fè Eleksyon


US Israel Palestinians
US Israel Palestinians

Yon manm kabinè lagè Izrayèl la Benny Gantz lanse apèl ayè mèkredi a pou mande eleksyon nasyonal nan nwa Septanm, pandan gouvènman Premye-Minis Benjamin Netanyahu ap fè fas ak presyon nan ki soti nan peyi li ak nan lòt peyi sou lagè Gaza a.

“Nou dwe antann nou sou yon dat pou eleksyon an Septanm, lè lagè-a pwal kouri sou yon lane,” se sa Gantz di nan yon rankont ak laprès ki pase sou televizyon.

Dè milye Izraelyen pran lari nan jou ki pase yo pou reklame eleksyon. Anpil moun kritike Netanyahu pou jan li jere kesyon 134 moun ki rete kòm otaj nan Gaza.

Netanyahu, premye-minis Izraelyen ki dire plis nan pouvwa a, repete plizyè fwa ke li pa vle eleksyon, pandan sondaj opinion moutre ke si gen eleksyon, l ap pèdi.

XS
SM
MD
LG