Accessibility links

Breaking News

Men Poukisa Kandida Demokrat ak Repibliken Vle Lolo Rezidan Teritwa Ameriken yo


Sitwayen Potoriken fe la ke pou vote nan yon referandom nan San Juan, 11 Jyen 2017.
Sitwayen Potoriken fe la ke pou vote nan yon referandom nan San Juan, 11 Jyen 2017.

Teritwa Ameriken tankou Samoa, Guam, Zil Vyèj ak Potoriko paka vote nan eleksyon prezidansyèl Etazini an nan mwad Novanm nan.

Sepandan, yo ka vote nan eleksyon primè ak nan kokis yo pandan pwosesis nominasyon kandida yo.

Stephen Ohlemacher - Jounalis Associated Press:

"Donk si ou abite nan yon teritwa Ameriken tankou Potoriko, pou eleksyon jeneral la nan mwad Novanm nan, ou ka vote pou yon moun ki pral yon manm Kongrè a ki pa gen dwa vote. Se menm bagay nou genyen nan Distri Kolonbi. Yo rele moun sa yo delege. Donk yo ka gen syèj nan komisyon, yo ka patisipe nan deba, men yo pa gen yon vwa anski konsène adopsyon lwa Etazini."

Jounalis Associated Press Stephen Ohlemacher di tandiske sitwayen ki abite nan teritwa sa yo paka vote nan eleksyon preizdansyèl, Kandida yo gen plizyè rezon ki fè yo vle apui moun sa yo.

"Eben pati yo ta renmen popilè nan teritwa yo an laj pati paske si ou se yon rezidan yon teritwa Ameriken ou ka al viv Ozetazini. Ou pa bezwen paspo. Ou pa bezwen viza. Ou se yon sitwayen Ameriken. E lè ou al viv Etazini ou ka vote. Donk si ou vle popilè Potoriko, se paske gen anpil moun Potoriko ki abite Ozetazini ki pral vote nan eleksyon Novanm nan. Donk pati yo vle asire yo gen koneksyon ak moun ki abite sou teritwa yo. Yo gen paran kap viv Etazini. E yomenm tou yo ka al viv Ozetazini."

XS
SM
MD
LG