Accessibility links

Breaking News

Etazini: Kèk Analis Panse Robert F. Kennedy Anpil Chans pou Genyen plas Prezidan an


Independent presidential candidate Robert F. Kennedy Jr. speaks to supporters during a campaign event, March 30, 2024, in Los Angeles.
Independent presidential candidate Robert F. Kennedy Jr. speaks to supporters during a campaign event, March 30, 2024, in Los Angeles.

Yon endepandan ki pa gen okenn eksperyans politik men yon non selèb, moute yon kandidati ki dire pou Mezon Blanch e li rasanble sipò Ameriken ki pa kontan ak kandida ki ka genyen nominasyon 2 gran pati politik yo.

Robert F. Kennedy Jr ki gen 70 lane, se pitit gason ansyen senatè New York ak Minis Jistis Etazini, e se neve ansyen Prezidan John F. Kennedy. Se yon avoka anviwònman e petèt moun plis konnen li pou pozisyon li kont vaksen.

Kèk analis di li pa gen anpil chans pou li genyen plas prezidan an. Men nan yon kous kote kèk milye vwa ka di kilès ki ap gen laviktwa nan kèk eta ki pa atache ak okenn kandida, jan sa te ye nan 2 dènye eleksyon yo, Kennedy ka la pou gate chans lòt kandida.

XS
SM
MD
LG