Accessibility links

Breaking News

New York: 12 Jiri Pran Plas Nan Dosye Kriminèl Kont Trump


Trump Hush Money
Trump Hush Money

Yon jiri 12 manm pran plas li jodi vandredi a nan pwosè kont Donald Trump pou lajan ke li te swadizan peye yon vedèt fim porno pou li fè silans sou yon afè ke li te gen ak Trump anvan kanpay 2016 li a pou prezidan.

Se premye pwosè kriminèl kont yon ansyen prezidan Etazini.

Tribinal la chwazi 7 gason ak 5 fanm pou konsidere akizasyon ke 45èm prezidan an ta fè koken an 2016. Men Trump, ki te prezidan soti an 2017 pou rive an 2021 e ki ka jwenn nominasyon pati Repibliken an pou eleksyon 5 Novanm nan, demanti tou le 34 akizasyon yo. Si yo jwen li koupab, li ka tonbe anba santans jiska 4 lane prizon.

Jij nan Kou Siprèm New York Juan Merchan di deba pou ouvri pwosè a ka tanmen lendi maten, yon pwosè ki ka dire 6 semenn.

Merchan, avoka akizasyon yo ak avoka defans Trump yo te pase plizyè èdtan pandan 3 jou kote yo t ap mande kandida manm jiri yo opinyon yo sou Trump.

XS
SM
MD
LG