Accessibility links

Breaking News

Barack Obama, Bill Clinton Met Ansanm pou Ede Biden Ranmase Lajan Pou Kanpay


Election 2024 Biden
Election 2024 Biden

Barack Obama, Bill Clinton ak kèk gwo non nan mond lwazi a te mete ansanm, jedi swa, pou yo bay Prezidan Joe Biden yon gwo akèy nan New York, kote prezidan-an ranmase yon rekò plis pase 26 milyon dola pou kanpay re-eleksyon li.

Radio City Music Hall la te pran kouran lè Obama te chante lwanj Biden daprezavwa li chache pwen kote tout moun rankontre, e kote li di, “se jan de prezidan konsa mwen vle.” Clinton te senpman te di sou chwa ki devan elektè yo an 2024: “Rete ak se ki bay rezilta.”

Biden li menm te ale dwat sou Donald Trump, lè li te di ke rival Repibliken ki ka anfas li a gen yon seri lide ki ansyen e ki pa bon.”

--

XS
SM
MD
LG