Accessibility links

Breaking News

FBI Sispèk LaRisi, LaChin ak Iran Ap Chèche Divize Elektè Ameriken yo


Biden Trump Economy
Biden Trump Economy

Ajans ransèyman ak sekirite ap chache prepare responsab eleksyon yo pou yon vag nouvo atak ki pwal chache detwi konfyans elektè yo nan eleksyon prezidansyèl mwa Novanm nan, pandan yon seri rapò avèti ke kèk advèsè ke ajans yo abitye fè fas ak yo koumanse ap ogmante efò yo.

Ajans Sekirite pou Entènèt ak Enfrastrikti, ansanm ak Biwo Direktè Ransèyman Nasyonal la, ak FBI, di ke sispèk yo – LaRisi, LaChin ak Iran – ap chache mwayen pou ogmante tansyon epi divize elektè ameriken yo.

Avètisman an di ke tou le 3 peyi yo ap “sèvi ak operasyon enfliyans yo pou yo eksplwate sa yo wè kòm divizyon sosyal ak politik pou minen konfyans nan enstitisyon demokratik Etazini yo.”

Nouvo avètisman an di ke 3 peyi yo ap sèvi ak fo kont entènèt ak divès entèmedyè, tankou media ke leta patwone, e ak enfliyansè nan media sosyal yo pou gaye fo enfòmasyon epi simaye dout nan lespri elektè yo.

XS
SM
MD
LG