Accessibility links

Breaking News

Etazini: Demokrat Nan Sena ERejte tout Akizasyon Kont Mayorcas


Congress Mayorkas Impeachment
Congress Mayorkas Impeachment

Sena Etazini an rejte tout akizasyon ki ta ka mennen nan destitisyon Sekretè Sekirite Enteryè Alejandro Mayorcas, kote yo mete fen nan efò Repibliken yo nan Chanm Depite a pou chavire minis la pou jan li jere fwontyè Etazini-Meksik la.

2 vòt yo mete fen nan jijman an anvan diskisyon yo te tanmen. Senatè yo te vote apa pou rejte chak nan 2 atik destitisyon yo ki, dapre yo, pa ann akò ak konstitisyon an.

Vòt pou 2 atik yo soti 51 kont 48 ak 51 kont 49, e senatè yo te vote selon liy pati politik pa yo.

Premye atik la akize Mayorcas kòmkwa “li te deside tabli yon sistèm kote li refize aplike lwa sou fwontyè a. » 2èm atik-la akize Mayorcas kòmkwa li “vyole konfyans » yo lè li di ke fwontyè a gen sekirite.

XS
SM
MD
LG