Fòs lòd yo nan tèt kole ak Brigad vijilans zòn Trianon, yon lokalite nan Mibalè, sezi 3 zam otomatik ak 10 mil 460 katouch, nan yon ti bis ki te gen 4 moun. 2 nan moun sa yo pran Bwa kale, 2 lòt yo rive chape poul yo.
VOA: Prezidan Trump Deklare Washington ap Negosye ak 4 Achtè Potansyèl ki Enterese ak TikTok
Peyi Kanada ap pare pou akeyi yon nouvo lidèchip apre eleksyon Mack Caney nan tèt Pati Liberal-la.
Prezidan Donald Trump di Gouvènman Federal la ta ka fèmen, men li espere sa pap rive
Yon negosyatè sou kesyon otaj nan administrasyon Trump lan di dènye reyinyon li te genyen ak reprezantan gwoup Hamas la, yon gwoup Etazini klase kòm gwoup teworis, te "itil." Diskisyon yo te konsantre sou liberasyon yon otaj Ameriken-Izraelyen Hamas kenbe.
Vandredi 7 mas 2025 la, ekonomis Pierre Ericq Pierre prezante lèt kreyans li Bay Sekretè Jeneral Nasyonzini an kòm reprezantan pèmanan Ayiti nan òganizasyon mondyal la
Prezidan ameriken an, Donald Trump, deklare dimanch yon fèmti gouvènman an "ta ka rive" si Chanm Depite a pa ka rasanble ase vwa pou pase yon lwa finans tanporè, men li rete optimis mezi a ap apwouve.
SEOUL, Kore di Sid (AP) — Lame Kore di Sid di Kore di Nò lanse plizyè misil balistik nan lanmè. Lansman an fèt lendi, kèk èdtan apre twoup Kore di Sid ak Etazini te kòmanse gwo egzèsis anyèl konbine yo, sa Kore di Nò konsidere kòm yon repetisyon pou yon envazyon.
Ikrèn vle lapè, epi Larisi se "sèl rezon ki fè lagè a kontinye," dapre sa prezidan ikrenyen an, Volodymyr Zelensky, deklare lendi, yon jou anvan kèk negosyasyon ki ka gen anpil enpòtans nan Arabi Saoudit.
Sekretè Deta Ameriken an Marco Rubio sou kont X li deklare 83% nan pwogram ajans devlopman USAID yo, ki vo yon gwo pati nan èd imanitè mondyal la, pral elimine.
Yon ti avyon ki te gen 5 moun abò li fè aksidan dimanch 9 mas la nan pakin yon kominote granmoun aje, nan sid Pennsilvani, dapre sa otorite yo fè konnen.
Yon delegasyon ayisyen ki gen nan tèt li konseye- prezidan Frinel Joseph kite peyi a, yè dimanch la, pou ale nan peyi Pewou ak Meksik. Objektif vwayaj sila a se pou "ranfòse travay sou referendum nan epi soutni òganizasyon eleksyon yo ann Ayiti".
Load more