VIL MEXIKO, 6 fevriye (Reuters) - Prezidan panameyen an, Jose Raul Mulino, te di sou rezo sosyal yo jedi ke li pral pale ak tokay ameriken li Donald Trump, a 3:30 p.m. nan vandredi apremidi.
Prezidan ameriken an, Donald Trump, soti yon dekrè Mèkredi 6 fevriye a ki gen ladann objetif pou anpeche atlèt transganr yo jwe espò fanm.
Apre yo te fè dekouvèt yon tinèl klandesten ki konekte vil El Paso ak Juarez, otorite Meksiken yo te lanse yon operasyon pou chache lòt tinèl ilegal.
WASHINGTON (AP) — Demokrat nan Komisyon Ransèyman Sena a mande eksplikasyon apre yo di Prezidan Donald Trump bay anplwaye Elon Musk aksè nan enfòmasyon klasifye, ki sansib pou gouvènman an.
WASHINGTON (AP) — Nouvo minis Jistis ameriken an, Pam Bondi, bay lòd pou yo revize pouswit federal ki te fèt kont Donald Trump. Madam Bondi mete sou pye yon seri direktiv pou refòme Depatman Jistis la, prezidan an di ki gen patipri kont konsèvatè yo.
Jeneral Godfrey Otunge, ki ap dirije misyon miltinasyonal la, di li gen konfyans l ap rive met lapat sou chèf gang yo k ap simen latwoublay nan peyi a.
Pòtpawòl Nasyonzini, Stephane Dujarric deklare ke Etazini Jele kontribisyon li pou fòs sekirite miltinasyonal Ayiti ki an tèt li peyi Kenya Ayiti a , Valerio Saint Louis Depi New York gen detay.
Mèkredi, yon jou apre Prezidan Donald Trump te anonse Etazini ap pran kontwòl teritwa Palestinyen an (Gaza) MezonBlanch di Lèzetazini "pa pral finanse rekonstriksyon Gaza".
Minis Jistis ak Sekirite piblik la, Patrick Pélissier, mande Mario Andrésol pou l sipèvize operasyon sekirite k ap fèt kont bandi yo nan zòn metwopolitèn Pòtoprens la ak depatman Latibonit.
Pou ane 2024 la, fanm ayisyèn k ap viv Sendomeng akouche apeprè 33 mil timoun, selon yon bilan Sèvis nasyonal Sante dominiken.
Load more