Minis Jistis Etazini Pam Bondi depoze yon plent kont eta New York la devan Lajistis paske ofisyel yo pa respekte denye politik sou imigrasyon ke admninistrasyon Trump la ap aplike.
"Nou fò", se sa minis Defans Ikrenyen an, Roustem Oumarov, te deklare jedi anvan yon reyinyon OTAN nan Brussels, apre Etazini te deside kòmanse negosyasyon ak Moskou pou mete fen nan lagè a.
Rezo sosyal Elon Musk lan, X (ansyen Twitter), te rive jwenn yon akò ak ansyen prezidan ameriken Donald Trump, kote li pral ba l 10 milyon dola dedomajman paske l te kanpe kont li an 2021, dapre sa Wall Street Journal rapòte mèkredi.
Chalimo yo ka parèt san enpòtans, men pandan dènye dis lane yo, chalimo plastik tounen yon senbòl kriz polisyon mondyal.
Prezidan Donald Trump resevwa nan La Mezon Blanch Marc Fogel yon sitwayen ameriken apre li te jwenn liberasyon li nan men otorite Ris yo.
Ze yo pa sèlman chè akoz epidemi grip zwazo k ap kontinye, men kounye a yo vin difisil pou jwenn tou. Menm lè magazen yo gen ze, konsomatè yo ka fè fas ak limit sou konbyen yo ka achte.
NEW YORK (AP) — Estratèj konsèvatè, Steve Bannon, plede koupab pou akizasyon fwod ki gen rapò ak twonpri donatè ki te bay lajan nan kad yon efò prive pou konstwi yon miray sou fwontyè sid Etazini an.
Prezidan Ikrenyen Volodymyr Zelenskyy deklare madi li pare pou "yon echanj" teritwa ak Larisi, nan kad posib negosyasyon lapè sou lidèchip Etazini, ki wè liberasyon yon Ameriken pa Moskou kòm yon bon siy.
Prezidan Ameriken an, Donald Trump Pale Nan Telefòn ak Tokay Ikrenyen li Vladimir Zelensky
Sèz (16) moun gwoup gang kraze baryè te pran an otaj, jwenn liberasyon yo, ayè madi a, apre yon operasyon Lapolis Nasyyonal Ayiti, mennen nan plizyè lokalite nan komin Petyonvil ki te se sou kontwòl gang yo.
Bilyonè Elon Musk, ke prezidan ameriken an Donald Trump te nonmen pou dirije Depatman Efikasite Gouvènmantal la (DOGE) , defann aksyon depatman li Madi nan Mezon Blanch la, li deklare si yo pa koupe bidjè a, Etazini ap fè "fayit".
Load more