Sosyete pou dwa imigrasyon ak jistis te òganize, nan North Carolina Central University, yon panèl diskisyon sou enpak sitiyasyon imigrasyon moman ann genyen sou kominote imigran yo.
Nan okazyon selebrasyon Jounen Prezidan yo ( President Day ), Valerio Sant-Louis te mande kèk moun nan New York ki prezidan yo pi prefere?
Sekretè Deta Ameriken-an Marco Rubio, konseye sekirite nasyonal-la Mike Waltz ansanm ak anvwaye espesyal pou Mwayen-Oryan Steve Witkoff twouve- yo nan Arabi Sawoudit, pou travay sou negosyasyon pou lapè nan lagè Larisi ap menen kay vwazen li Ikrèn.
Desizyon Prezidan Donald Trump pran pou l sispann finansman Washington t ap bay aletranje ka lakòz plizyè milyon moun mouri akòz SIDA, dapre direktè pwogram Nasyonzini pou maladi sa a, ki lanse avètisman an dimanch.
JERUSALEM (AP) — Sekretè Deta Ameriken Marco Rubio te konplètman andose objektif lagè Izrayèl la nan Strip Gaza a, li di ke Hamas "dwe elimine" yon bagay ki mete gwo dout sou akò seselfe ki te siyen an .
Ofisyèl ameriken yo te di Samdi, plizyè gwo ofisyèl administrasyon Trump, ki gen ladan Sekretè Deta Marco Rubio, pral fè yon chita pale nan Arabi Saoudit ak negosyatè Ris ak Ikrenyen pou eseye mete fen nan lagè a.
Prezidan Ikrenyen an Vladimir Zelensky te di Vandredi ke Kyeiv ta gen selman yon "ti chans pou yo siviv" san sipò Washington, kèk jou apre Prezidan Trump te gen yon konvèsasyon nan telefòn ak tokay Ris li a.
Prezidan Ameriken Donald Trump konkli yon seri kontra enèji ak defans ak Premye Minis Endyen an, Narendra Modi, yè Jedi a, pandan premye vizit li nan Mezon Blanch pou dezyèm manda Trump.
An Ayiti, fèt Sen valanten an pa twò diferan de lòt peyi yo. Nan makèt, nan lari, nan bak machann, chokola fè kenken. Aktivite kiltirèl, biznis yo santre anba tèm lanmou.
Vis-prezidan ameriken an, JD Vance, di Vandredi 14 fevriye a ke Washington ap chèche yon lapè "dirab" nan Ikrèn pandan premye rankont li ak Vladimir Zelensky, ki ap mande "yon plan" pou règleman konfli a anvan yo al fè nenpòt negosyasyon ak Larisi.
Biwo pwokirè federal Manhattan nan New York la , ki te mennen ankèt sou anpil ka ki sansib, pami yo ankèt sou majistra New York Eric Adams demisyone.
MINIK – Chèf gouvènman ak lidè biznis yo ap rive nan Bayerischer Hof, kote Konferans Sekirite Minik la ap fèt.
Load more