Ruto sou Apwobasyon Fòs Miltinasyonal la: 'Fòk Nou Reyusi, Nou Paka Desevwa Pèp Ayisyen an'

Prezidan Kenya, William Ruto, pwononse yon diskou sou fos miltinasyonal pou Ayiti a nan Nairobi, Kenya, 3 Oktob 2023.

Prezidan Kenya a, William Ruto bat bravo pou apwobasyon rezolisyon Konsey Nasyonal Sekirite LONU an ki otorize yon fos miltinasyonal pou Ayiti.

Mwen kontan a mò ke Konsey Sekirite a reponn direkteman apel Ayiti lanse a ak rezolisyon 2699 ane 2023 ki mande pou yon fòs miltinasyonal ale Ayiti pou ranfose sekirite a epi ede fòs polis nasyonal Ayisyen nan mennen operasyon epi kolabore sou lòt entevansyon pou amelyore kapasite Ayiti pou konbat gang kriminel yo."

Prezidan Kenyan an te pran la pawòl kek he d tan apre Konsey Sekirite Nasyonzuni an te vote 13 pou ak 2 abstansyon an fave rezolisyon Etazini ak Ekwate ekri ansanm pou detaye misyon sekirite miltinasyonal pou Ayiti a.

Ruto esplike tou pou pep li a, reyalite sityasyon Ayiti a ak poukisa peyi a bezwen asistans dijans.

Ruto di Kenya konsidere l tankou yon bon jan zanmi Ayiti kote youn konprann lòt la akoz pase yo pataje antanke ansyen koloni.

"Nou eksprime determinasyon nou pou misyon sa a gen yon enprent diferan pa rapò ak istwa entevansyon entenasyonal yo an Ayiti. Nou souliyen ke objektif nou se selman kreye yon anbyans pwopis pou lideship la ak sosyete sivil la kote gen stabilite, devlopman ak gouvenans demokratik gras ak yon kad politik ke Ayisyen jere."

Korespondan VOA nan Lamezonblanch fe konnen, Prezidan Joe Biden te pale nan telefòn jodia ak Prezidan Kenyan an, kote li te remesye li pou volonte li pou l dirije fos miltinasyonal la pou Ayiti, epi bat bravo pou apwobasyon Konsey Sekirite LONU an pou rezolisyon ki otorize fòs la.

"Sa pral soulaje pep Ayisyen an, ki soufri pandan two lontan anba men gang kriminel yo," Prezidan Biden deklare.

Ruto deklare nan diskou li ke misyon an dwe atenn sikse.

"Fok nou reyusi, nou paka desevwa pep Ayisyen an," Ruto deklare.

Men gen Kenyan ki opoze plan an. Ansyen Sekrete Defans Eugene Wamalwa eksprime skeptisizm.

"Pou komanse ki entere nou genyen pou n al Ayiti, yon peyi tye mond ki a yon distans 12 mil kilomet ak nou. Anpil nan polisye nou yo pa menm pale ni Franse ni Creole donk kijan yo pral kominike ak Ayisyn. Se tap yon pwoblem, epi an tem de fomasyon ak preparasyon pou yon sityasyon sekirite ki konplike kote gang yo ap goumen ak zam."

Vincent Kimosop se yon ekonomis ak analis politik.

"Se premye fwa sa a p fet. Nou konn tande pale de Ayiti - se se pa pou dezas natirel se ensekirite a se enstabilite politik. Men ou konnen pep Ayisyen an soti Afrik. Nou gen yon filozofi Ubunto an Afrik ki di mwen egziste paske ou egziste. Donk le ou wetire politik la, evantyelman desizyon pou al ede yon vwazen kap redi se yon bagay Afriken pral aplodi nan yon konteks ki pi laj."

Kimosop di li apiye desizyon prezidan an men li kwe fòk gen plis transparans ak kominikasyon ak publik la.

Li poko kle kile fòs la va rive an Ayiti. Fòk palman Kenya a apwouve plan an tou anvan pou li antre an aplikasyon. Ruto di Kenya rekonet ke sityasyon an ijan men ke yo dwe byen pare ak tout resous nesese, anvan yo pran direksyon Ayiti.

Korespondan VOA nan Lamezonblanch Anita Powell kontribye a repotaj sa a depi Washington, Korespondan VOA nan Nairobi Mariama Diallo Crandall kontribye a repotaj sa a depi Nairobi, Kenya, Korespondan VOA Kreyol Matiado Vilme kontribye a repotaj sa a depi Potoprens, Ayiti.