Accessibility links

Breaking News

Etazini ak Kenya Siyen yon Akò Defans Anvan Deplwaman Fòs Miltinasyonal la an Ayiti


Sekrete Defans Etazini Lloyd Austin (a goch) ak Sekrete Kabine Kenya pou Defans Aden Duale kenbe ako kowoperasyon defans bilateral yo sot siyen nan Nairobi, Kenya, 25 Sept. 2023.
Sekrete Defans Etazini Lloyd Austin (a goch) ak Sekrete Kabine Kenya pou Defans Aden Duale kenbe ako kowoperasyon defans bilateral yo sot siyen nan Nairobi, Kenya, 25 Sept. 2023.

Lèzetazini ak Kenya siyen yon akò defans ki pral bay peyi Afrik de Lès la resous ak sipò pou deplwaman sekiritè li yo, nan moman li pare pou dirije yon fòs multi-nasyonal an Ayiti pou konbat zak vyolans gang yo.

Sekretè Defans Lloyd Austin ak Minis Defans Kenya a, Aden Duale siyen akò yo nan Nairobi.

Akò yo tabli kad relasyon defans 2 peyi yo pandan 5 ane kap vini yo nan moman lagè Afrik de Lès ap mennen kont gwoup ekstremis al-Shabab la ki lye ak Al Qaeda ap entansifye.

Austin remèsye Kenya dèske li volontye pou dirije fòs multinasyonal pou Ayiti a.

XS
SM
MD
LG