Accessibility links

Breaking News

Sekretè Defans Etazini Lloyd Austin Vwayaje Kenya


U.S. Secretary of Defense Lloyd Austin addresses a joint press conference in Nairobi
U.S. Secretary of Defense Lloyd Austin addresses a joint press conference in Nairobi

Sekretè Defans Etazini Lloyd Austin vwayaje lendi nan Kenya pou chita-koze ak responsab defans yo sou sekirite ak lit kont teworis.

Anvan li te pati pou ale nan kapital Kenya a Nairobi, Austin te remèsi twoup ameriken yo nan kan Lemonier nan Djibouti, kote li te ensiste sou gwo wòl ke Kenya te jwe, nan efò pou evakye diplomat ameriken nan Soudan nan mwa Avril pase.

Austin te rankontre ak Prezidan Somali a nan Djibouti ayè dimanch la nan kad premye visit li sou kontinan afriken-an kòm sekretè defans. Anvan sa, Austin te rankontre ak prezidan Djibouti a ak minis defans la, kote li di yo mèsi deske yo aksepte lakay yo prensipal baz militè Etazini ann Afrik la e sipòte Somali nan lit kont gwoup ekstremis yo.

Austin chante lwanj fòs Somali yo, ayè dimanch la, poutèt yo te fè « gwo pwogrè » nan lit kont al-Shabab men li avèti ke gwoup teworis la ka toujou “ekspòte laterè etan nan espas kote pa gen gouvènman.”

Teworis yo kontinye frape Somali, kote yon kamyon pyeje sote toupre yon pòs enspeksyon nan bouk Beledweyne nan sant peyi a, e touye 21 moun e blese 52 lòt, samdi a.

Austin di Etazini pako repran operasyon kont teworis ansanm ak fòs militè yo nan Nijè men ke li mennen operasyon ransèyman, siveyans, ak misyon rekonesans pou pwoteje fòs li yo anba posib menas.

XS
SM
MD
LG