Accessibility links

Breaking News

Ariel Henry: Konsèy Sekirite LONU Dwe Aji 'An Ijans' pou Otorize Fòs Miltinasyonal la pou Ayiti


Premye Minis Ayisyen Ariel Henri pwononse yon diskou devan 78em Asanble Jeneral Nasyonzuni nan Nouyok, 22 Sept. 2023.
Premye Minis Ayisyen Ariel Henri pwononse yon diskou devan 78em Asanble Jeneral Nasyonzuni nan Nouyok, 22 Sept. 2023.

Nan diskou li devan Asanble Jeneral Nasyonzuni an Vandredi 22 Septanm, PM Ayisyen Ariel Henry lanse apèl bay lidè mondyal yo pou otorize deplwaman yon fos miltinasyonal pou ede Ayiti retabli lapè epi mete lòd nan dezòd.

"Vi kotidyèn pèp Ayisyen an trè difisil. Se poutèt sa Konsèy Sekirite a ki gen pouvwa nesesè ak otorite anba Chapit 7 Chat (LONU an) dwe pran aksyon an ijans, pa otorize deplwaman yon misyon sipò miltinasyonal pou retabli sekirite an Ayiti - yo fòs polis e militè pou apiye fòs Polis Nasyonal Ayiti a pou konbat gang epi retabli lapè ak lòd."

Ariel Henry: Konsey Sekirite LONU Dwe Aji 'An Ijans' pou Otorize Fòs Miltinasyonal la pou Ayiti
please wait

No media source currently available

0:00 0:00:40 0:00

Zak vyolans gang yo ogmante 17 wotè nan kapital Ayisyèn nan Pòtoprens, ak vil ozalantou yo pandan mwa ki pase yo kote plis pase 1,860 moun mouri, blese oubyen viktim kidnapping ant mwad Avril ak Jyen an. Dapre done Nasyonzuni ranmase chif sa a reprezante yon ogmantasyon 14% konparativman ak premye 3 mwa ane 2023 a.

Henry pale tou sou kriz imanitè a ki vinn pi grav nan semèn ki sot pase yo.

"Deteryorasyon ensekirite a pandan semèn ki sot pase yo deklanche yon kriz imanitè kote moun ki oblije kouri kite kay yo akoz zak vyolans gang yo okipe divès espas. Plis pase 25 lekòl nan kapital la ebèje moun ki kite kay yo, swa yon afè 16,500 moun."

Ariel Henry: Deteryorasyon Ensekirite a Deklanche yon Kriz Imanitè an Ayiti
please wait

No media source currently available

0:00 0:00:27 0:00

Pi nouvo kriz Ayiti ap fè fas, se yon hing-hang ki mete l dozado ak Repiblik Dominikèn akoz konstriksyon yon kanal nan Wanament.

"Mwen vini isit jodia pou pataje mesaj pèp Ayisyen an sitou. Rivyè nou konnen kòm Rivye Masak la, se pwen santral tansyon ant Repiblik Ayiti ak Repiblik Dominikèn. Savledi fòk nou fè tout sa nou kapab pou asire dyab yo pa anvayi nou ankò, pa lage sitwon sou ansyen blesi oubyen koze nouvo blesi. Ayiti reafime dwa souvren pèp Ayisyen an pou l sèvi ak resous dlo binasyonal yo, menm jan Repiblik Dominikèn fè l."

Ariel Henry Reafime Dwa Souvren Pèp Ayisyen an pou Sèvi ak Resous Dlo Rivyè Masak la
please wait

No media source currently available

0:00 0:00:59 0:00

Konstriksyon kanal Wanament lan, ki pa yon pwojè gouvènman an patwone, lakoz Repiblik Dominikèn te fèmen tout fwontyè li ak Ayiti 15 Septanm.

Lidè plizyè peyi, pami yo Etazini, Kenya, Repiblik Dominikèn ak Meksik eksprime kè sote yo pou sityasyon Ayiti epi eksprime sipò yo pou fòs miltinasyonal la.

XS
SM
MD
LG