Accessibility links

Breaking News

Kisa Moun Kenya Panse de Lide pou Peyi yo Dirije yon Fòs Miltinasyonal an Ayiti?


Lapolis bat yon manifestan ki te kache nan yon kay apre yo lanse gaz lakrimojen pou fose li soti nan Kibera, yon katye defavorize kapital la, Nairobi, 20 Mas, 2023.
Lapolis bat yon manifestan ki te kache nan yon kay apre yo lanse gaz lakrimojen pou fose li soti nan Kibera, yon katye defavorize kapital la, Nairobi, 20 Mas, 2023.

Nan moman Konsèy Sekirite Nasyonzini ap pare pou vote sou yon rezolisyon ki ta bay otorizasyon pou yon fòs miltinasyonal al ede Ayiti jere ensekirite a, VOA te pale ak plizyè sitwayen nan Nairobi, kapital Kenya pou tande opinyon yo sou plan sa a.

Kenyan ki pale ak jounalis nou nan peyi Afriken sa a te gen opinyon depaman sou òf Prezidan peyi yo William Ruto fè pou Kenya dirije fòs la.

Kisa Moun Kenya Panse de Of Peyi yo Fè pou Dirije Fòs Miltinasyonal pou Ayiti a?
please wait

No media source currently available

0:00 0:05:23 0:00

Victor Odhiambo

"Nou gen anpil pwoblem lakay nou ki bezwen rezoud. Nou gen pwoblem ensekirite nan dives rejyon peyi a. E antanke sitwayen nou ta renmen pou gouvenman nou an rezoud pwoblem ensekirite a lakay nou anvan yon kouri al eseye rezoud pwoblem peyi etranje. Sitou pwoblem yon peyi ki pa menm ann Afrik. "

Victor Odhiambo di li pa kwe se polisye Ayiti bezwen.

"Pa rapò ak eleman kriminel Ayiti a, yo pa bezwen polis yo bezwen solda. Donk mwen pa finn konprann motivasyon Kenya genyen pou l voye polisye li yo (Ayiti)."


Lilian Wanjiru

"Se pa yon move ide. Sa taka ede relasyon nou ak Ayiti. E mwen espere sa va debouche sou yon bagay ki bon e konstruktiv. Se yon bon bagay pou gouvenman nou ak gouvenman Ayiti gen pi bon relasyon - konsa youn ka konte sou lòt e youn ka ede lòt la."

Lilian ajoute fòs polis Kenya a tre pwofesyonel, yo gen bon fòmasyon e yo gen sikse nan jere ensekirite a nan Kenya.


Pastor Stanley Omuhinda

Pou pastè Santley Omuhinda, patisipasyon Kenya nan fòs la ta montre mond lan pouvwa peyi a genyen.

" Premye bagay la sa ta kite lame nou egzese pouvwa li. Dezyeman sa kite nou montre lòt peyi pouvwa nou genyen. Twazyeman sa ka ba nou manda pou n egzekite pouvwa nou lòt bò a. Pou montre etranje peyi sa a se pou Bondye li ye e ke nou gen anpil pouvwa."


Pastè a di li kwè se yon bon bagay pou Kenya montre li ka tabli lapè nan yon peyi etranje.

Diana Chipkemoi

"Mwen kwè se yon move ide. Nou chaje pwoblèm ekonomik kounyea. Donk ide pou depanse lajan pou voye polis nou Ayiti mwen kwè se yon trè movez ide.

Nou ta dwe pran resous nan tout peyi Afriken yo pou ke chak peyi voye kek polisye an Ayiti - sa ta fè plis sans. Pou mwen ide pou Kenya voye 1,000 polisye se yon move ide."


Abiniza Njorogo

"Pou mwenmenm, prezidan an poko eksplike nou ase byen poukisa li vle fè sa. Moun sa yo se kriminel yo ye. Nou poko janm fè yon bagay konsa, donk mwen kwè sa mande anpil esplikasyon. Fòk prezidan nou esplike poukisa li vle voye Kenyan lòt bò a. Yo ka mouri lè yo ale lòt bò a e nan ka sa a mwen kwè se pa yon bon ide ditou."

Misye di li kwè li ta pi bon si yo pa fòse Kenyan ale, men pito mande moun volontye pou yo al Ayiti.

Jane Moraa

" Mwen pa kwe se yon bon ide paske Ayiti se yon kote ki danjre. Donk mwen pa kwe se yon bon ide pou n voye fòs nou lòt bò a. Yo taka mouri. Yo gen fanmi, yo se pitit moun - mwen pa kwe se yon bon ide."

Madanm sa a pataje ide pou yo ta pran volonte olye yo egzije Kenyan patisipe nan fos la.

Konsèy Sekirite LONU an ap diskite epi vote sou rezolisyon pou otorize fòs miltinasyonal la pou Ayiti Lendi apremidi 2 Oktòb.

Li poko kle konbyen tan sa pral pran pou fòs la ale an Ayiti, si yo apwouve l.

Mariama Diallo Crandall ak Jimmy Makhulo kontribye a repotaj sa a depi Nairobi, Kenya

XS
SM
MD
LG