Sitwayen Springfield, Ohio ap Lapriyè pou Pale Anpil Politik yo Sispann

Imaj yon ke kase tou pre Otel de Vil Springfield la nan eta Ohio, 17 Sept. 2024.

Nan zon Springfield, Ohio ki kalm yo - ki lwen ak kawo deklarasyon politisyen yo, jounalis ak polisye ak nouvo kamera sekirite yo fèk enstale - sitwayen yo ap eseye reprann vi yo.

Nan maten lapolis tcheke lekòl yo pou bonm, chak apremidi gen konferans de près epi apre sa vil la vinn kalm. Sitwayen yo di se yon bagay dwòl.

Yo gen anpil kè sote dèske nan yon ti espas tan, yo deklarasyon politisyen yo sible yo.

Sitwayen yo di yo rete lakay yo epi espere atansyon ansyen Prezidan Donald Trump soulve sou vil yo ak deklarasyon kote li repete yon mansonj kòmkwa migran Ayisyen nan vil la ki gen pèmisyon legal pou yo rete Ozetazini ap manje chat ak chyen moun.

Trump te fè deklarasyon an pandan deba prezidansyèl la epi kreye yon sityasyon kawotik pou sitwayen vil sa a ki se yon ti bouk nan Ohio.