Accessibility links

Breaking News

Trump Akize Fosman Migran nan Eta Ohio Dèske y ap Kidnape Epi Manje Chen ak Chat Moun


Kandida a la prezidans Repibliken ansyen Prezidan Donald Trump pale pandan yon miting politik nan ayewopo Santral Wisconsin, 7 Sept. 2024.
Kandida a la prezidans Repibliken ansyen Prezidan Donald Trump pale pandan yon miting politik nan ayewopo Santral Wisconsin, 7 Sept. 2024.

Kanpay ansyen Prezidan Donald Trump ak alye yo ap anplifye dezenfòmasyon pa rapò ak migran Ayisyen nan eta Ohio ki swadizan ap kidnape epi manje chen ak chat moun.

Otorite eta Ohio di pa gen okenn prev ki montre migran Ayisyen nan kominote Ohio yo ap fe bagay konsa.

Sepandan, kanpay Trump la ak kandida a la vis prezidans li, Senate Ohio JD Vance, ansanm ak plizye Repibliken semen sa a te repete manti sa yo.

Vance deklare li posib "tout zen sa yo pa vre."

Prev ki disponib sigjere zen yo fo vreman vre, pandan ke Trump ak alye li yo ap pwofite de sa pou anplifye stereyotip rasis sou migran Nwa ak lòt etnisite ki pa blan.

XS
SM
MD
LG