Accessibility links

Breaking News

Harris, Trump Pare pou Deba Prezidansyèl la


Signage is seen at the media filing center ahead of the presidential debate between Democratic presidential nominee Vice President Kamala Harris and Republican presidential candidate former President Donald Trump, in Philadelphia, Sept. 9, 2024.
Signage is seen at the media filing center ahead of the presidential debate between Democratic presidential nominee Vice President Kamala Harris and Republican presidential candidate former President Donald Trump, in Philadelphia, Sept. 9, 2024.

Vis Prezidan Demokrat Kamala Harris ak ansyen Prezidan Repibliken Donald Trump pare pou kontre fas-a-fas pou yon deba Madi swa ki taka reprezante yon moman kle nan kanpay prezidansyèl Etazini an. Eleksyon an pral dewoule 5 Novanm.

Kandida yo poko janm rankontre ni menm pale nan telefon, men Madi yap kanpe tou pre youn lot nan Sant Nasyonal Konstitisyon an nan Filadèlfi. Yo pare pou twoke kritik youn kont lot la pandan 90 minit pandan yap reponn kestyon 2 jounalis ABC News - a savwa David Muir ak Lindsey Davis va poze yo.

Ou ka suiv deba a an dirèk sou sit web nou a 9:00 pm (1:00 GMT) ak tradiksyon Kreyol

Plizyè dizèn milye Ameriken pral pwobableman suiv sa ki taka sèl deba kanpay la. Evenman an ap dewoule 8 semèn sèlman anvan jounen ofisyèl eleksyon an. Sepandan, lap dewoule kèk jou sèlman anvan elektè Ameriken yo kapab komanse vote bonè nan 50 eta peyi a.

Kestyon tankou ekonomi Etazini, dwa pou medam yo fè avotman, imigrasyon sou fwontyè Etazini-Meksik la, to krim Ozetazini ak karaktè pèsonèl se kèk pami kestyon jounalis ABC yo taka soulve aswè a.

Sou sèn deba a, règ pou Harris ak Trump pral menm règ ki ta aplikab pandan deba ant Trump ak Prezidan Joe Biden nan mwad Jyen an, kote Biden te bafouye epi tèlman bay yon move pèfomans ke li te oblije lage pye l nan kous la yon mwa pi ta.

Yo pral etenn mikwo Trump ak Harris pandan ke yo pap pale e yo pap ka poze advèsè yo kestyon. Tou le 2 pral gen 2 minit pou reponn kestyon jounalis yo, epi advèsè yo va gen 2 minit pou reponn. Yo rezève yon minis adisyonèl pou moderatè yo fè suivi oubyen mande kandida yo klarifye opinyon yo.

Se premye deba prezidansyèl Harris janm fè. Pou Trump se 7èm li pandan 3 kous prezidansyèl depi ane 2016.

*Ken Bredemeier, jounalis VOA News ekri vèsyon orijinal repotaj sa a an Angle

XS
SM
MD
LG