Accessibility links

Breaking News

Putin Di Li "Sipòte" Harris nan Eleksyon Prezidansyèl Ameriken an


Foto Achiv: Prezidan Ris Vladimir Putin sou plizye ekran nan moman lap pwononse yon diskou, 24 Jyen 2023.
Foto Achiv: Prezidan Ris Vladimir Putin sou plizye ekran nan moman lap pwononse yon diskou, 24 Jyen 2023.

Prezidan Ris la, Vladimir Putin, deklare jedi, li "apiye" kandida prezidansyel Demokrat la, Kamala Harris pou eleksyon prezidansyèl ameriken mwad Novanm nan. Deklarasyon Putin vini yon jou apre Washington akize Larisi pou entèferans elektoral. Moskou rejte akizasyon an.

Otorite Ameriken yo nan Mèkredi te pran mezi, ki gen ladan pouswit kriminèl ak sanksyon, akoz tantativ sa yo. Dapre otorite yo di Moskou ap cheche "enfliyanse" rezilta eleksyon prezidansyèl 5 Novanm pwochen an kote vis-prezidan Kamala Harris pral fè fas ak ansyen prezidan Donald Trump.

Sevis Ranseyman Ameriken yo te deja konkli ke Larisi te fè entèferans nan eleksyon prezidansyèl 2016 ak 2020, an favè kandida Repibliken an Donald Trump.

San li pa reponn dirèkteman ak akizasyon sa yo, Vladimir Putin te deklare Jedi ke Prezidan Ameriken Joe Biden te "rekòmande votè li yo pou yo apiye Harris, kidonk Larisi pral sipòte li tou". Putin te fè deklarasyon sa yo pandan yon fowòm ekonomik nan vil Vladivostok.

Prezidan Ris la estime kandida Repibliken Donald Trump, ansyen lokatè Mezon Blanch lan soti 2017 pou rive 2021, te enpoze "plis sanksyon sou Larisi pase nenpòt prezidan" anvan l ', e ke Kamala Harris "ta abstine petèt fè kalite bagay sa yo. ”

"Men, nan fen a, chwa a se pou pèp Ameriken an," Putin ajoute.

Lidè a fè kòmantè regilyèman, ak nan yon ton kote li moke l, de politik Ameriken ak sosyete Etazini.

XS
SM
MD
LG