Accessibility links

Breaking News

Depite Ayisyèn Amerikèn Cherfilus-McCormick Kritike Trump pou Komantè li Fè sou Migran Ayisyen Ohio yo


Depite Sheila Cherfilus-McCormik, yon Demokrat ki reprezante eta Florid nan Chanm Depite Etazini.
Depite Sheila Cherfilus-McCormik, yon Demokrat ki reprezante eta Florid nan Chanm Depite Etazini.

Depite Ayisyèn-Amerikèn Sheila Cherfilus-McCormick, ki reprezante eta Florid nan Chanm Depite Etazini, pibliye yon deklarasyon kote li kritike kandida prezidansyèl Repibliken Donald Trump poutèt li repete manti kolistye li JD Vance te fè sou migran Ayisyen kap viv nan Ohio.

Nan yon not pou laprès li voye bay VOA, Depite Cherfilus-McCormik deklare: "Donald Trump fikse li yon lot fwa anko sou istwa envante ki anrasinen nan stereyotip rasis ak espwa dèske lap kraponnen Ameriken pou fè yo vote pou li. Komantè outraje li yo sou migran kap manje bèt rezidan Springfield, Ohio yo se pa plis pase yon tantativ dezespere pou pwopaje pèrèz ak divisyon. Se yon ensilt, se manti e li gen rasinn ni nan stereyotib ki pi terib yo."

Cherfilus ajoute: "Annou klè sou sa Ayisyen ak lot migran vini nan peyi sa a ak angajman vizavi edikasyon, travay di epi konstwi yon lavi miyo pa sèlman pou yomenm men pou nou tout. Yo kontribye a ekonomi nou, anrichi kilti nou epi ranfose kominote nou yo. Komantè Trump yo se yon distraksyon pou anpeche moun gade vre defi ki defan nou e nou pap pran nan pèlen."

Nap raple ke ex-Prezidan Donald Trump gen rezidans prensipal li nan Palm Beach nan eta Florid aktyèlman.

Li te pataje sou rezo sosyal li Truth Social - fo nouvèl kap sikile sou migran Ayisyen Ohio yo epi li te fè yon deklarasyon sou sa pandan deba li fas ak Vis Prezidan Demokrat Kamala Harris.

Otorite vil Ohio yo demanti deklarasyon sa yo epi di yo pa gen okenn prèv ki montre migran yo mele nan aktivite konsa, e ke okenn sitwayen nan vil Springfield pa pote plent pou sa non plis tou.

Lamezonblanch tou kondane fo deklarasyon sa yo epi lanse avètisman pou di sa ka lakoz moun pase a laksyon epi mete an danje lavi migran yo.

XS
SM
MD
LG