Accessibility links

Breaking News

Haitian Bridge Alliance Kondane ak Fòs Kòmantè Senatè JD Vance Fè sou Migran Ayisyen ki Ohio


Foto Achiv: Guerline Jozef, direktris egzekitif Haitian Bridge Alliance pale pandan yhon manifestasyon nan Pasadena, Kalifoni, 7 Nov. 2023.
Foto Achiv: Guerline Jozef, direktris egzekitif Haitian Bridge Alliance pale pandan yhon manifestasyon nan Pasadena, Kalifoni, 7 Nov. 2023.

Haitian Bridge Alliance, yon ONG kap travay pou ede migran kap eseye antre Ozetazini, kondane ak fos komantè Senatè Repibliken Ohio JD Vance fè pou di kom kwa migran Ayisyen kap viv nan Springfield nan eta Ohio ap manje chat ak chyen moun.

Vance se kandida a la vis prezidans pati Repibliken an pou eleksyon prezidansyèl Novanm nan.


Haitian Bridge Alliance di nan yon deklarasyon li voye bay VOA "akizasyon sa yo san fondman e enflamatwa e yo non sèlman pwopaye stereyotip ki danjre men sa ta mete kominote migran yo nan sityasyon menasan, sitou migran Nwa ki soti Ayiti yo."

Haitian Bridge Alliance mande Senatè Vance pou l retrakte komantè li fè a epi prezante eskiz li piblikman bay kominote Ayisyèn nan ak moun Springfield yo.

"Nou mande lidè ak pèsonaj piblik pou sèvi ak platfom yo pou kore kominote imigran yo epi pwomouvwa yon anvironman respè, olye yo simaye fo enfomasyon.

Potpawol Sekirite Nasyonal Lamezonblanch la, John Kirby te kritike Vance ak lot Repibliken wo plase tankou Senatè Texas Ted Cruz pou manti yap pwopaje sou migran Ayisyen ki Ohio yo ki san fondman dapre sa otorite vil Springfield pibliye.

Kirb te di: "kalite langaj sa a, kalite dezenfomasyon sa a danjre paske gen moun ki kwè se verite, malgre li sanble ridikil e pawol moun sot, men yo ka menm aji sou kalite mansonj sa yo yon fason ki taka lakoz gwo danje pou yon moun. Donk fok sa sispann."

Nap raple ke ex-Prezidan Donald Trump, ki se kandida prezidansyèl pati Repibliken an te deklare fosman pandan deba kont Vis Prezidan Demokrat Kamala Harris ke migran nan Ohio yo ap manje chat ak chyen moun." Deklarasyon sa a koze gwo pale anpil sou rezo sosyo yo.

Otorite vil Springfield pibliye yon deklarasyon ki fè konnen pa gen okenn prèv kom kwa migran Ayisyen ap manje bèt moun e ke li pa resevwa okenn plent pou di sa ap pase vreman vre.

XS
SM
MD
LG