Accessibility links

Breaking News

Trump Anonse li Pral “Pull Up” Springfield


Republican presidential nominee and former U.S. President Trump holds a campaign town hall meeting in Flint
Republican presidential nominee and former U.S. President Trump holds a campaign town hall meeting in Flint

Kandida Repibliken pou eleksyon prezidansyèl Ameriken an, Donald Trump, anonse Mèkredi swa ke li pral byento ale nan Springfield, yon vil kap viv yon sityasyon kawotik akoz pale anpil ki fè kwè migran Ayisyen ap manje chen ak chat moun vil la.

Otorite lokal yo demanti akizasyon sa yo, ki sible plizyè milye imigran ayisyen.

Ansyen prezidan konsèvatè a, ki pral fè fas ak Demokrat Kamala Harris nan eleksyon 5 novanm pwochen an , te pale pou plis pase inèdtan, nan New York, yon diskou kanpay kont imigrasyon ilegal, ke li te lye, ak "krim" ak "teworis" Ozetazini san li pat bay okenn prèv.

Trump deklare: "Springfield, Ohio, bèl ti vil sa a, pa gen okenn krim, pa gen pwoblèm. 32,000 imigran ilegal te pull up nan vil la, prèske gwosè popilasyon an, nan kèk semèn (...) Mwen pral la nan 2 semèn kap vini yo. Mwen pral ale nan Springfield".

Vil sa a ki gen anviwon 60 000 abitan, ki gen majorite blan, te aktyèlman wè popilasyon li ogmante nan dènye ane yo.

Anviwon 15 000 Ayisyen ki kite peyi natal yo, te atire pa rekouvweman ekonomik minisipalite a ak eta Ohio e te ateri lòtbò a.

Men depi 10 jou gen plizyè seri fo enfòmasyon kap tonbe sou Springfield sou rezo sosyal yo e ki te vin anplifye pawol Donald Trump. Pandan rasanbleman kanpay li Trump fè konnen Ayisyen ap vòlè chat, chen ak lòt bèt kay oswa zwa pou yo manje yo.

Akizasyon sa yo te deklanche 33 menas bonm e koze lekòl fèmen tanporèman, e sa vin kreye latèrè kote imigran yo, e se yon bagay ke Gouvènè Repibliken an Mike DeWin denonse.

Tèm santral kanpay ant Misye Trump ak Madam Harris gen gwo deba sou imigrasyon.

XS
SM
MD
LG