Accessibility links

Breaking News

Lamezonblanch Akeyi pou Premye Fwa Reprezantan Tranzisyon Harris ak Trump


Reprezantan ex-Prezidan Donald Trump ak Vis Prezidan Kamala Harris rankontre pou premye fwa nan Lamezonblanch dapre sa administrasyon Biden nan anonse Mèkredi nan moman administrasyon sortan an ta renmen genyen yon tranzisyon ki byen jere ak kèlkeswa moun ki ranpote eleksyon Novanm nan.

Chèf Kabinè a, Jeffrey Zients te oganize rankont la Madi ak Komisyon Kowodinasyon Tranzisyon Mezonblanch la. Gwoup sa a gen ladann responsab pi wo plase planifikasyon tranzisyon. Se pou premye fwa rankont la te enkli konseye Harris ak Trump yo.

Rankont la ak envitasyon pou reprezantan tou 2 pati yo se yon bagay ke Lwa Tranzisyon Prezidansyèl la egzije. Lwa sa a di ke reprezantan kandida yo dwe sèvi kom konseye pandan rankont sa yo.

XS
SM
MD
LG