Accessibility links

Breaking News

Florid Pral Lanse yon Ankèt Kriminèl sou Tantativ Asasina kont Trump la


Lapolis antre nan barye kay ansyen Prezidan Donald Trump, Mar-a-Lago, nan Palm Beach, Florid, 16 Sept. 2024.
Lapolis antre nan barye kay ansyen Prezidan Donald Trump, Mar-a-Lago, nan Palm Beach, Florid, 16 Sept. 2024.

Gouvènè Florid la, Ron DeSantis deklare fos de lod eta Florid pral lanse yon ankèt kriminèl sou tantativ asasina kont ansyen Prezidan Donald Trump la.

DeSantis di jounalis yo ke "yo kwè sispèk la vyole plizyè lwa eta a."

Anons DeSantis la vini yon jou apre otorite yo arete yon nèg ki rele Ryan Routh epi akize li pou krim federal ki gen pou wè ak posesyon zam a fe.

Routh pat tire, li pat janm gen Trump devan li e li te kouri kite sèn nan apre yon ajan ki te wè li te tire nan direksyon li dapre sa otorite yo di.

Yo te arete misye nan yon awondisman ki tou pre West Palm Beach.

FBI entèvyouwe manm fanmi sispèk la, zanmi li ak kolèg pou ranmase prèv. Yo poko revele sak te motive Routh e misye te envoke dwa pou l gen reprezantasyon yon avoka lè yo te kestyone li, dapre sa otorite yo di.

XS
SM
MD
LG