Accessibility links

Breaking News

Sispè nan Tantativ Asasina kont Trump la Konparèt Devan Tribinal Federal Florid


Nan foto sa a ke kamera ki tache sou rad yon polisye pran otorite yo arete Ryan Routh, neg yo sispek nan tantativ asasina kont Donald Trump, Dimanch 15 Sept. 2024.
Nan foto sa a ke kamera ki tache sou rad yon polisye pran otorite yo arete Ryan Routh, neg yo sispek nan tantativ asasina kont Donald Trump, Dimanch 15 Sept. 2024.

Yon nèg otorite yo sispèk nan tantativ asasina kont ansyen Prezidan Donald Trump konparèt devan tribunal Lendi kote yo akize li pou krim federal ki gen pou wè ak posesyon zam.

Misye konparèt devan tribunal nan moman kous prezidansyèl la rive nan dènye semèn yo e apre yon premye tantativ asasina kont ansyen prezidan an.

Ryan Wesley Routh, ki gen 58 an, ap fè fas ak akizasyon posesyon zam a fe, malgre li te deja kondane pou krim dèske li te posede yon zam a fe kote li te efase nimewo seri a.

Li posib pou lajistis ajoute lòt chèf akizasyon grav nan moman ankèt la ap kontinye.

Avoka akizayson yo ap mande yon gran jiri akize misye.

Routh te konparèt devan tribunal pandan yon ti tan tou kout nan West Palm Beach kote li te reponn kestyon preliminè pa rapò ak stati travay li ak lajan li touche.

Misye te menote epi gen yon inifom prizonye ble sou li pandan li te nan tribunal la.

Li te souri pandan li tap pale ak avoka leta ki tap defann li epi revise dokiman anvan li te premye aprisyon li.

Avoka a derefize fè komantè apre odisyon an.

Jounalis ki te nan alantou tribinal la te filme yon kamyonèt ki tap transpòte Routh soti nan tribunal la.

Biden te reyaji sou ensidan an Dimanch 15 septanm nan.

“Gras a Dye prezidan an OK. Nou resevwa yon rapo konple. Nou anba a aswe a. Mwen ta renmen souliyen Sevis la bezwen plis ed. E mwen kwè Kongrè a dwe reponn bezwen yo. O fèt yo bezwen plis pase lot sèvis yo. Donk se sa nou pral diskite.”

Tantativ asasina a dewoule Dimanch apremidi. Ajan Sèvis Sekrè ki tap siveye pandan Trump tap jwe golf te remake pwent yon fizi stil mitrayèt AK pwente nan mitan raje ki sou kote teren an.

Yon ajan tire epi Routh lage zam nan epi kouri kite sèn nan nan yon pajeyo. Li kite zam nan ansanm ak 2 sak a do, yon loup ki pèmèt li wè de pre epi yon kamera GoPro, dapre sa otorite yo di.

Otorite yo te rete Routh pi ta nan yon awondisman ki tou pre.

13 Jiyè yon bal te pase bo kote zorèy Trump pandan yon miting politik nan eta Pènsilvani. Misye te blese. 8 jou pi ta, Prezidan Demokrat Joe Biden te bay kous prezidansyèl la vag, epi louvre pot pou Vis Prezidan Kamala Harris ranplase l kom candida prezidansyèl pati Demokrat la.

Trump te tounen Florid wiken sa a apre yon vire won sou Kot Wes Etazini kote li te patisipe nan miting politik nan Las Vegas epi yon marathon nan Utah. Kanpay li pat pibliye plan Trump pou jounen Dimanch la. Se souvan misye konn jwe golf nan maten anvan l al pran manje midi nan klib la, ki se youn pami 3 li posede nan eta Florid.

XS
SM
MD
LG