Accessibility links

Breaking News

FBI ap Envestige yon Lòt Tantativ Asasina Kont Donald Trump


Otomobil lapolis tou pre Klib Entenasyonal Golf Trump la nan West Palm Beach, Florid, 15 Sept. 2024.
Otomobil lapolis tou pre Klib Entenasyonal Golf Trump la nan West Palm Beach, Florid, 15 Sept. 2024.

FBI ap envestige "sa ki sanble yon tantativ asasina" kont Donald Trump nan klib gòlf li ki sitye nan West Palm Beach, Florid.

Tantativ asasina sa a vini 9 semèn sèlman apre kandida prezidansyèl Repibliken an te siviv yon lòt tantativ asasina. Trump di li sen e sof.

Sèvis Sekrè a louvri zam Dimanch sou yon nèg ki te pwente yon mitrayèt stil AK sou klib la pandan ke Trump te sou teren an, dapre 3 responsab lapolis.

Yo te jwenn yon mitrayèt tou pre sèn kote Klib Entènasyonal Gòlf West Palm Beach Trump la, 2 responsab fè konnen.

Yo pa rapòte okenn lòt blese.

XS
SM
MD
LG