Accessibility links

Breaking News

Trump ak Musk Pale sou Tantativ Asasina a ak Depòtasyon sou X


NEW YORK (AP) — Ansyen prezidan Donald Trump te fè gwo retou li sou platfòm X la, kote li te chita pale avek pwopriyetè rezo a, Elon Musk.

Ansyen prezidan an te diskite sou tantativ asasina ki te fèt kont li nan eta Pensylvani, e li te bay anpil detay sou evènman sa. Li pale tou de sa li pral fè lè li vin prezidan -- tankou li te pwomèt pi gwo depòtasyon nan istwa Etazini.

Konvèsasyon an ak pwopriyetè X a, Elon Musk, te fè fas ak divès pwoblèm teknik e Elon Musk te blame yon Atak DDOS pou sa.

Trump te di pandan koze a: "Mwen bezwen yon Elon Musk - mwen bezwen yon moun ki gen anpil fòs ak kouraj ak entelijans."

XS
SM
MD
LG