Accessibility links

Breaking News

Venezyela: Kou Siprèm Fè Konnen Desisyon L ap Pran Sou Rezilta Eleksyon Prezidansyèl la "Final"

Handout picture released by the Venezuelan Electoral Council (CNE) shows the President of the CNE Elvis Amoroso shaking hands with Venezuelan Supreme Court of Justice (TSJ) President Caryslia Rodriguez in Caracas on August 5, 2024.

Prezidan Tribinal Siprèm Caryslia Rodriguez, te raple Samdi pandan yon odyans Tribinal Siperyè Jistis la (TSJ) tap fè sou eleksyon prezidansyèl ki te fèt 28 jiyè a, apre rezilta eleksyon ki te konteste ke desisyon li ap pran yo ap final.

Pi fò obsèvatè yo konsidere ke TSJ twò pwòch pouvwa a.

Misye Maduro li menm li te ale nan tribinal nan dat 1ye Out pou li te kappab jwen viktwa li "valide" pandan opozisyon an reklame e yo di te fwod.

TSJ te tande tout kandida yo ak lidè pati yo ki gen ladan Mesye Maduro pandan semèn nan eksepte kandida opozisyon an Edmundo Gonzalez Urrutia, ki pa t patisipe nan konvokasyon an. Li di ke li te pè pou "libète" li si l prezante nan biwo li.

Konsèy Elektoral Nasyonal la (CNE) te ratifye viktwa Misye Maduro a 2 out ak 52% vòt yo, san yo pa rann piblik detay bilten egzak vòt yo, e yo ke yo viktim yon atak enfòmatik.

XS
SM
MD
LG