Accessibility links

Breaking News

Harris, Trump ap Mennen Kanpay nan Eta 'Balanswa' yo


Foto Achiv: Vis Prezidan Kamala Harris monte nan avyon li, Air Force 2.
Foto Achiv: Vis Prezidan Kamala Harris monte nan avyon li, Air Force 2.

Kamala Harris ak Donald Trump ap vizite eta "balanswa yo" ak espwa dèske yap kapab ranpote la viktwa nan eta sa yo ane sa a.

Harris pral patisipe nan miting politik Jedi nan vil Charlotte ak Greensboro nan Kawolin di No.

Trump limenm pran direksyon Tucson nan eta Arizona. Chak kandida ap eseye trase yon chimen laj kap pèmèt yo genyen eleksyon an.

Deba yo reprann kanpay yo apre yo te komemore anivèsè atak teworis 11 Septanm 2001 yo.

XS
SM
MD
LG