Blinken Lanse Avètisman pou di Se Ka 'Dènye Chans' pou Finalize yon Seselfe nan Konfli Gaza a

Sekrete d Eta Ameriken Antony Blinken (a goch) rankontre Prezidan Izrayelyen an Isaac Herzog nan Tel Aviv, Lendi 19 Out, 2024.

Blinken Lanse Avètisman Lendi pou di lè a rive kounyela a pou finalize ako seselfe ki va pèmèt otaj Hamas kenbe yo tounen lakay yo epi bay sivil Palestinyen yo soulajman.

Blinken te pale Lendi nan moman li tap tanmen 9èm misyon dijans li nan Mwayèn Oryan an depi konfli a te tanmen.

Blinken di kounyea se "pi bon" e "petèt dènye opotinite" pou finalise yon seselfe pou mete fen nan konfli a.

"Se yon moman desizif. Pwobableman meyè e petèt dènye opotinite pou mennen otaj yo lakay yo, jwenn yon seselfe epi mete tout moun sou pi bon chimen pou yon lapè dirab ak sekirite."

Blinken te fè chita tande apre sa ak Premye Minis Benjamin Netanyahu pandan 2 zèd tan edmi.

Li ta dwe vwayaje Ejipt Madi.