Accessibility links

Breaking News

Gaza: Omwen 17 Moun Mouri nan Yon Atak Izrayelyen


Aftermath of an Israeli strike on a house, in Maghazi refugee camp in the central Gaza Strip
Aftermath of an Israeli strike on a house, in Maghazi refugee camp in the central Gaza Strip

Otorite sante Palestinyen yo di ke atak Izrayelyen yo atravè Gaza nan mitan lannwit lan touye omwen 17 moun. Pami viktim yo gen 5 timoun ak paran yo.

Atak sa yo te vini lavèy nouvo chita pale ki te vize pou rive jwenn yon akò seselfe nan lagè 10 mwa ke Izrayèl ap menen Gaza a.

Lèzetazini, Katar ak peyi Lejip espere ke 2 gwoup yo rive jwenn yon akò, men pati yo pa rive atann yo sou divès pwoblèm apre plizyè mwa negosyasyon endirèk.

Dapre Ministè Sante Gaza a, kantite moun ki mouri nan lagè a prèske rive nan 40,000.

Yon atak te frape yon kay fanmi byen ta Madi nan kan refijye Nuseirat ki te bati nan santral Gaza a.

Atak sila te lakoz lanmò 5 timoun, ki gen laj ant 2 ak 11 an, ak paran yo, dapre rapò Lopital Martyrs Al-Aqsa ki tou pre.

Yon repòtè Associated Press ki te wè kadav yo te di ke yo te depatcha nan eksplozyon an epi yo te dekapite yon timoun ki gen 2 zan an.

XS
SM
MD
LG