Accessibility links

Breaking News

Yon Gwo Ofisyèl Hamas di Gwoup la Pèdi Lafwa nan Etazini Kòm Medyatè nan Negosyasyon Selsefe a


Hamas Official
Hamas Official

DOHA, Katar (AP) — Yon gwo ofisyèl Hamas di gwoup militan Palestinyen an ap pèdi konfyans nan kapasite Etazini genyen pou l sèvi kòm medyatè pou yon seselfe nan Gaza anvan yon nouvo seri chita pale pwograme pou fèt semèn sa a.

Chita pale sa yo vini nan mitan presyon k ap monte pou 2 gwoup yo mete yon fen nan lagè ki gen deja 10 mwa ke Izrayèl ap menen nan Gaza.

Osama Hamdan te di The Associated Press nan yon entèvyou Madi ke Hamas pral sèlman patisipe si chita pale yo konsantre sou aplikasyon yon pwopozisyon ki detaye pa Etazini.

Hamas reziste demann Izrayèl fè pou li kenbe yon prezans militè dirab nan 2 zòn estratejik nan Gaza apre nenpòt akò seselfe.

Kondisyon sa yo te pibliye sèlman nan semèn ki sot pase yo.

XS
SM
MD
LG