Accessibility links

Breaking News

Prezidan Inivèsite Columbia a Demisyone


Minouche Shafik, présidente de l'université de Columbia, lors d'une audition à la Chambre des représentants, Washington, le 17 avril 2024.
Minouche Shafik, présidente de l'université de Columbia, lors d'une audition à la Chambre des représentants, Washington, le 17 avril 2024.

NEW YORK (AP) — Prezidan Inivèsite Columbia, Minouche Shafik, remèt demisyon li apre selman yon ti kras tan nan pozisyon sa a.

Lekòl la ki nan Anwo Manhattan te nan gwo boulvès ane sa a apre manifestasyon etidyan yo te pete akoz lagè Izrayèl nan Gaza a, sa ki te abouti nan moman kote polisye te ap fè patwouy nan lakou lekòl la ak zip plastik pou mare etidyan e ak pwotèj boukliye, lè yo te anvayi yon bilding ke manifestan anfavè Palestinyen te okipe.

Li rekonèt ke manifestasyon sa ki te fèt nan lakou lekòl la konte nan desizyon pou li demisyone a.

Anons sa a vini sèlman kèk jou apre lekòl la te konfime ke 3 dwayen te demisyone apre dirijan yo te di ke dwayen sa yo te boukante tèks ki denigre manifestan yo nan yon diskisyon nan kanpis la menm sou lavi Jwif ak santiman ki gaye kont yo.

Katrina Armstrong, ki se PDG Sant Medikal Irving nan Inivèsite Columbia, dakò pou li sèvi kòm prezidan pwovizwa.

XS
SM
MD
LG