Etazini ap Deplwaye Byen Militè Adisyonèl nan Mwayèn Oryan an

Lame Etazini pral deplwaye plis konbatan ak bato lagè fòs Naval la nan Mwayèn Oryan an dapre sa Pantagon nan anonse Vandredi.

Etazini ap chache ogmante defans li nan rejyon an fas ak menas Iran ak alye li yo - Hamas ak Hezbollah.

Korespondan VOA ki travay sou kestyon sekirite nasyonal rapòte ke Pantagòn nan voye gwoup bato lage USS Abraham Lincoln nan pou ranplase bato lage USS Theodore Roosevelt la, ansanm ak bato ki gen kapasite pou lanse misil kwazyè.

Se Sekretè Defans Lloyd Austin ki pase lòd pou fè ajistman sa yo. Yo gen kòm bi pou: "amelyore pwoteksyon fòs Etazini yo, ogmante sipò pou defans Izrayèl, epi asire Etazini pare pou reponn ak divès sityasyon.

Yon pati nan enfòmasyon pou repòtaj sa a soti nan Ajans Nouvel Reuters.